Breaking News

Negosyasyon ant 12 Peyi sou yon Akò Komèsyal Trans-Pasifik

Sekretè Deta John Kerry pandan li tap fè yon diskou nan Inivèsite Jesyon ak Administrasyon Sengapou a, nan vil Sengapou, nan jounen madi 4 out 2015 la.
Sekretè Deta John Kerry pandan li tap fè yon diskou nan Inivèsite Jesyon ak Administrasyon Sengapou a, nan vil Sengapou, nan jounen madi 4 out 2015 la.

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, pale madi 4 out 2014 la pou l di 12 peyi kap fè negosyasyon sou yon plan komèsyal ki rele "Patnèship Trans-Pasifik la" reyalize bon jan pwogrè sou wout pou yo jwenn yon akò final; sepandan gen kèk detay ki rete pou finalize.

Pandan Misye Kerry ap vizite peyi Sengapour, li ensiste sou yon seri de objektif akò a vize. Daprè chèf diplomasi amerikèn nan, se yon akò ki tap non sèlman kreye nouvo opòtinite ekonomik pou peyi konsène yo, men tou lap sèvi kòm -nap site: "Yon manifestasyon apui pou bòn gouvènans, transparans avèk sans responsablite anvè sitwayen yo." Misye Kerry di:

"Objektif la, se leve nivo respè pou prensip yo. Akò sa a ouvè pòt la pou yon kous "vers le sommet", e non yon kous « vers le bas ». Ak akò sa a, chak patisipan pral gen pou konfòme l avèk prensipal lwa entènasyonal sou travay ak anviwonnman. Chak patisipan pral gen pou l evite fè timoun travay alòske yo poko gen laj pou sa, ni fè yo travay kote ki danjre pou yo. Chak patisipan pral gen pou garanti kòmkwa tout konpayi Leta ap fè yon konkirans onèt ak sa sektè prive a posede e chak patisipan pral gen pou konbat koripsyon ak kout-lajan anba tab nan zafè komès, menm jan li pral garanti yon komès dijital lib e ouvè, epi pwoteje pwopriyete entèlektyèl."

Pandan Sekretè Deta John Kerry nan Sengapour la, li deja rankontre ak premye minis la, Lee Hsien Loong, epi minis afè etranjè a, K. Shanmugam, pou yon chita-pale kote yo te abòde, antwòt, "Patnèchip Trans-Pasifik la".

XS
SM
MD
LG