Accessibility links

Breaking News

Nouvo Segman Lavwadlamerik sou Kanpay Elektoral la ann Ayiti.


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

Depi jedi 30 jiyè 2015 la e chak jedi a 7:30 nan maten epi midi 30; chak madi tou a midi 30 e 5 kè nan apremidi, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la ap prezante yon nouvo seri sou pwochen eleksyon yo ann Ayiti, kote nap rankontre divès kandida pou pòs nan palman an, pou n konnen pwogram yo pou sikonskripsyon oubyen depatman yo e pèmèt elektè yo pi byen fè chwa yo nan yon sans oubyen yon lòt.

Nouvèl Ayiti sou eleksyon yo 07-30-15
please wait

No media source currently available

0:00 0:14:50 0:00
Direct link

Nan chak pwogram, nap genyen 2 envite: 2 kandida pou menm pòs la e nan menm sikonskripsyon an. Envite nou nan premye segman seri sa a se 2 kandida pou pòs senatè nan Depatman Nò a :

1.- Dieudonne Numa, ansyèn direktris depamantal Minisè Komès, ansyèn direktris depamantal Ministè Touris. Li kandida anba banyè Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK). –

2. Youseline Augustin Bell, sikològ, edikatris, pwopriyetè lekòl, ansyèn senatris Pati Fanmi Lavalas.

Yo reponn kesyon Jean Pierre Leroy nan pwogram 7:30 AM ak midi 30 la nan jounen jedi 30 jiyè 2015 la.

XS
SM
MD
LG