WASHINGTON, D.C. —
Kèk santèn imigran eseye antre, yon fwa ankò, nan tinèl La Manch la, ki sòti nan rejyon Calais, an Frans, pou ale nan peyi Langletè. Sa fè yon semèn depi imigran ki rive ann Ewòp ap eseye sèvi ak tinèl la pou yo travèse sou tèritwa britanik la.
Kantite ki fèk eseye pran chans yo pi ba lontan pase kantite ki te fè tantativ la nan kòmansman semèn nan. Lendi swa, pa egzanp, 2 mil moun te kouri vare nan antre tinèl la; e madi swa, plis pase mil 500 lòt te eseye pran chans yo. Nan matine jounen mèkredi 29 jiyè 2015 la, yon migran te mouri pandan li tap eseye monte sou yon kamyon; li sòt tonbe epi kamyon an pase sou li. Sa fè kantite moun ki mouri depi mwa jen an monte rive 9.