Accessibility links

Breaking News

Iran/Zam Nikleyè: Negosyatè yo Jwenn yon Akò Pwovizwa


Minis Afè Etranjè Inyon Ewòp la, Federica Mogherini, deklare Iran ak grand puisans yo pral kontinye travay menm aprè dat-limit 7 jiyè 2015 la.
Minis Afè Etranjè Inyon Ewòp la, Federica Mogherini, deklare Iran ak grand puisans yo pral kontinye travay menm aprè dat-limit 7 jiyè 2015 la.

Lèzetazini fè konnen akò pwovizwa 6 puisans mondyal jwenn avèk Iran nan jounen madi 7 jiyè 2015 la sou pwogram nikleyè Teheran an, pral bay pati konsène yo plis tan pou yo fè chita pale ki pral debouche sou yon akò final. Pòtpawòl delegasyon amerikèn nan, Marie Harf, fè konnen :

« Nou fè gwo pwogre nan tout sans ; men travay sa a se yon travay ki teknik anpil e li gen gwo anje pou tout peyi kap patisipe nan negosyasyon yo. Nou plis gen preokipasyon pou kalite akò nap jwenn nan pase longè tan ki nesesè pou n travay sou li. »

Minis afè etanjè Unyon Ewòp la, Federica Magherini –ki abòde kesyon an nan jounen madi a tou—deklare :

« Nou entèprete ak anpil fleksibilite dat-limit nou genyen pou n travay sou dosye a. Sa vle di nou dispoze pran tout tan ki nesesè, kantite jou nou bezwen, pou n finalize akò a. »

Madam Magherini ajoute 2 kan yo genyen anpil kesyon pou yo rezoud toujou.

XS
SM
MD
LG