AYITI / REPIBLIK DOMINIKÈN
Premye Minis ayisyen an, Evans Paul, menase pou l soumèt devan Wo Komisarya Nasyon Zini pou Refijye yo dosye rapatriman ayisyen k ap viv ilegalman nan Repiblik Dominikèn. Chèf gouvènman an kwè otorite dominiken yo dwe imigran ayisyen yo respè puiske yo kontribiye nan devlopman ekonomik peyi panyòl.
Yon lòt kote, Kadinal ayisyen, Chibly Langlois, konsidere kòm you kalòt fason otorite dominiken yo ap depòte imigran ayisyen yo. Dirijan legliz katolik la mande otorite ayisyen yo pran tout dispozisyion pou yo akeyi konpatriyòt yo ak diyite.
Ayiti / Eleksyon
Fusion/Sosyo Democrat yo kritike manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a ki, daprè lidè pati a, pa respekte kalandriye elektoral la. Prezidan pati a, Edmonde Supplice Beauzile, ki se yon kandida a la prezidans, mande yon chita pale ant diferan aktè konsène yo pou yo diskite sou yon nouvo kalandriye elektoral.
Dosye-elektoral la toujou: Biwo Kontansye Elektoral Kominal nan Ans-a-Galè sou Lil Lagonav pa kapab kòmanse tande dosye kontestasyon li resevwa kont kandida pou pòs majistra ak kolektivite teritoryal yo paske pa gen jij ak avoka nan komin nan. Pwofesyonèl sa yo ki nan Pòtoprens refize fè deplasman an sou zile a.
Anfen, Michèle Oriol ak Agwonòm Paul Duret, 2 manm "Comité Inter-ministeriel d'Aménagement du Territoire (CIAT)" ap fè yon toune nan misyon diplomatik Ayiti genyen nan Amerik di Nò pou yo prepare yon baz done kote ayisyen k ap viv nan dyaspora a kapab jwenn enfòmasyon sou fason yo kapab soumèt dokiman sou pwopriyete yo posede pou papye sa yo fè pati pwogram KADAS la. Madam Oriol ak Misye Duret --ki vizite Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la-- di yo kòmanse yon pwogram pilòt nan Komin Camp-Perrin avan yo etann pwogram idantifikasyon pwopriyete a sou tout teritwa nasyonal la.