Accessibility links

Breaking News

Apèl Premye Minis Paul : "Resevwa Rapatriye yo nan Diyite."


Premye Minis Evans Paul'
Premye Minis Evans Paul'

AYITI / REPIBLIK DOMINIKÈN

Premye Minis Evans Paul mande chak sitwayen pou li akeyi nan diyite pitit peyi a kap sòti nan Repiblik Dominikèn. Gouvènman an anonse l ap resevwa sèlman imigran ayisyen ki t ap viv ilegalman sou tè dominiken,daprè deklarasyon minis afè etranjè a, Lener Renault, fè nan laprès. Chanselye ayisyen an, ki rankontre anbasadè plizyè peyi ki akredite nan peyi a sou dosye a, ensiste sou nesesite pou gouvènman dominiken an aksepte yon pwotokòl dakò ki kapab fikse kondisyon ak modalite rapatriman an avèk done tankou dat, anplasman ak pwen fwontalye.

AYITI / D.R./PORTO RIKO

Nouvèl ki soti nan vil San Juan, kapital Potoriko, fè konnen plizyè oganizasyon relijye, defans dwamoun, gwoup sivil ak òganizasyon fanm soumèt devan minis jistis Pòtoriken an, Cesar Miranda Rodriguez, yon plent kote yo mande otorite yo ouvè yon ankèt pou krim kont lumanite kont prezidan Tribinal Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan, Milton Rey Guevara, ak 2 lòt manm tribinal la, Pedro Castellanos ak Rafael Diaz Philip. Pleyan yo baze plent yo a sou le fèt ke 3 jij sa yo te twouve yo sou tèritwa pòtoriken an. Plent la mande pou otorite yo pa kite yo repran avyon pou yo retounen Santo Domingo jiskaske ankèt la va pran fen.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 1 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:54 0:00
Direct link

Daprè nouvèl ki parèt nan jounal pòtoriken Accento, òganizasyon ki pote plent yo mande depatman jistis potoriken an sèvi ak lwa zile a genyen pou l aplike sistèm ekstrateritoryalite a nan kad prensip entènasyonal ki prevwa pèn kont tout moun ki komèt krim kont lumanite, tankou krim ki blese konsyans. Manm òganizasyon sa yo deklare nan plent la:

"Aksyon nou an voye yon mesaj ki fè konnen sila yo ki komèt vyolasyon dwa moun pap rete san pinisyon. Yo pap kapab rete kache dèyè tit yo oubyen fonksyon yo. Nou deja rapòte devan enstans ki nesesè yo krim yo komèt kont dwa moun e yo gen pou reponn pou krim sa yo."

Anfen, nan kad kowoperasyon ant Ayiti ak Repiblik de Chin (Taywann) responsab " Projet de Cooperation pour le Developpement de la Filière Céréalière dans la Vallee des Cayes" òganize you vizit gide pou jounalis nan Depatman Sid la pou yo kapab enfòme popilasyion an sou travay ki deja fèt nan 2 lane ki pase yo -sètadi depi pwojè a egziste. Se Taywann ki finanse pwojè a e li koute10 milyon dola Ameriken.

XS
SM
MD
LG