Nan Afganistan, militan taleban lanse yon atak alantou lokal palman an nan jounen lendi 22 jen 2015 la --yon atak ki te gen ladan n eksplozif ak kout-zam lou --pandan deba tap dewoule anndan an. Yon pòtpawòl Depatman Sante afgan an fè konnen gen 21 moun ki blese. Daprè sous ofisyèl yo, okenn manm palman an pa blese nan atak la e lame nasyonal la rive touye 6 atakan taliban.
Temwen nan Kaboul fè konnen yo te tande eksplozif sote omwen 9 fwa epi eksplozyon yo te voye lafimen monte sou tèt palman an. Televizyon montre manm palman an ki tap kouri ak panik. Objektif sesyon an se pou yo te konfime chwa Prezidan Ashraf Ghani fè pou pòs minis defans la. Mouvman taleban an fè parèt yon deklarasyon kote li pran responsablite pou sa li konsidere kòm « operasyon kamikaz », sètadi yon misyon suisid.