Accessibility links

Breaking News

Yon Ensiklik Pap Franswa mande Plis Atansyon pou Chanjman Klimatik yo.


Tit nouvo ensiklik Pap Franswa a se "Laudato Si (Se pou yo Chante Lwaj ou)), Lèt sou swen nou dwe bay kay kote nap viv ansanm nan". Li te ekspoze pandan prezantasyon yon konferans pou laprès nan Vatikan an, jedi 18 jen 2015 la.
Tit nouvo ensiklik Pap Franswa a se "Laudato Si (Se pou yo Chante Lwaj ou)), Lèt sou swen nou dwe bay kay kote nap viv ansanm nan". Li te ekspoze pandan prezantasyon yon konferans pou laprès nan Vatikan an, jedi 18 jen 2015 la.

Vatikan ap pibliye, jedi 18 jen 2015 la, yon lèt istorik Pap Fanswa ekri kote li lanse yon apèl bay fidèl Katolik yo pou l mande yo fè pwoteksyon anviwonnman-an tounen yon pi gwo priyorite pou yo --paske, daprè Souvren Pontif la, anviwonnman an ap finn detrui nèt.

Yon bouyon lèt ensiklik sa a --ki gen 191 paj- deja sòti deyò; obsèvatè yo atann yo aske domiman an atire atansyon sou le fèt ke chanjman klimatik yo se youn nan prensipal pwoblèm ki poze nan le mond jounen jodi a, e li se prensipalman rezilta move travay lèzòm. Nan odyans Pap la te genyen nan jounen mèkredi 17 jen 2015 la, li deklare :

«Kay sa a, ki se demè nou, ap fin depafini ; e se yon danje pou tout moun, espesyalman pou moun pòv yo. »

Moun atann yo tou aske Souvren Pontif la ensiste sou enpòtans efò pou konbat polisyon epi pwoteje rezèv dlo yo. Daprè bouyon lèt la toujou, Pap la lanse apèl tou pou l mande fidèl katolik yo sispann itilize yon fason entansif gaz ki sòti nan fosil yo e li deklare itilizasyon sa a pwovoke fuit gaz kabonik ki kapab gen move konsekans sou lavi sou Planèt Tè a.

Pou enpòtans yon ensiklik, se 2èm dokiman chèf Legliz Katolik la ka pibliye aprè yon edi. Piblikasyon an parèt kèk mwa anvan yon vizit Pap Franswa gen pou l fè Ozetazini nan mwa septanm nan e anvan li patisipe nan yon gwo konferans Oganizasyon Nasyon Zini pral mete sou pye nan vil Pari, nan peyi Lafrans, sou chanjman klimatik yo.

XS
SM
MD
LG