Accessibility links

Breaking News

Lachin Pare pou l Ranfòse Puisans Militè li Menm Andeyò Fwontyè li


Yon gwoup zile ki an diskisyon ant Lachin ak anpil peyi vwazen.
Yon gwoup zile ki an diskisyon ant Lachin ak anpil peyi vwazen.

Gouvènman chinwa a anonse, madi 26 me 2015 la, li pral kontinye ranfòse kapasite militè li andeyò fwontyè peyi a pou moun santi fòs li menm nan zòn lanmè ki an diskisyon ant Peken ak lòt kapital; sepandan otorite yo ensiste pou di yo pap chache konfwontasyon ak okenn peyi vwazen.

Nan yon dokiman kote kabinè ministeryèl la bay detay sou politik Lachin, li deklare: " Lame Liberasyon Popilè a pral deplase sant-atansyon li kap sòti sou defans ayeryen tèritwa nasyonal la sèlman, pou fikse l sou ni defans, ni atak."

Dokiman an ajoute lame chinwaz la pral mete yon pi gwo aksan sou pwoteksyon tèritwa maritim Lachin ki pa gen fwontyè ak lòt peyi. Peken fè anons sa a nan moman yon mezantant pete antre Lachin ak Lèzetazini konsènan kontwòl chinwa yo ap chache mete sou kèk zile ki nan Lanmè Sid Lachin nan, yon bagay ki revòlte anpil lòt peyi ki reklame zile sa yo kòm yon pati nan tèritwa nasyonal yo.

XS
SM
MD
LG