Ann Ayiti, Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal la (BCED) ap kòmanse tande dosye kandida konteste yo lendi 25 me 2015 la. Selon yon responsab KEP a, enstitisyon an ap pase an revi plis pase 20 ka kontestasyon kont kandida yo pou diferan rezon. Youn nan kandida konteste yo se Premye Minis Laurent Lamothe ki anba akizasyon deske li pat resevwa dechaj kòm ansyen chèf gouvènman ak Minis Planifikasyon. Konsèy elektoral la gen jiska samdi 30 me 2015 la pou li analize dosye kontestasyon yo e pran yon desizyon sou chak ka avan li pibliye lis definitif kandida yo. 71 kandida enskri nan kous prezidansyèl la, pami yo gen 6 fi.
Yon lòt kote, Minis Kominikasyon e Pòt Pawòl Gouvènman an, Rotchild François Junior, ap fè yon virewon nan dyaspora a pou l ranfòse relasyon ayisyen k ap viv andeyò peyi a ak sila yo k ap viv nan peyi a. Pòt Pawòl la byen apresye le fèt ke yon gwo kantite kandida eksprime volonte yo pou yo dirije peyi a e, nan non gouvènman an, li kondane zak briganday ki te dewoule nan Tigwav ak Kay Jakmèl apre KEP a te rejte yon seri kandida.
Enfen Konsèy Elektoral la repeche 47 kandida pou pòs senatè e 294 pou pòs depite ki, kounyela a, jwenn otorizasyon pou yo patisipe nan eleksyon lejislatif yo ki fikse pou mwa dout 2015 la. Gen kounye a 1615 kandida pou pòs depite ak 233 kandida pou pòs senatè swa yon total 1848 kandida pou eleksyon lejislatif Out 2015 yo. KEP a pran desizyon sa a pa lontan apre Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti, Thomas Adams, ki te rankontre yon gwoup jounalis ayisyen, ankouraje enstitisyon elektoral la òganize eleksyon yo an 2 etap olye de 3. Daprè ofisyèl ameriken an, yon chanjman konsa tap pèmèt KEP a ekonomize 30 milyon dola e sa tap bay responsab yo ase tan pou yo prepare eleksyon yo. Youn nan konseye elektoral yo fè konnen, pou le moman, KEP a pa gen okenn plan pou l modifye kalandriye a.