WASHINGTON, D.C. —
Nan pati nò peyi Siri, militan Gwoup Eta Islamik yo kontinye fè pwogrè vandredi 22 me 2015 la: yo mete men sou yon lopital kote sòlda gouvènman yo tap sibi atak sou atak depi plizyè semèn.
Obsèvatwa Dwamoun Siryen an --ki baze nan peyi Langretè-- fè konnen gwoup militan al-Nusra, ki se yon afilye rezo al-Kayda a, gen kounyela a yon kontwòl total sou lopital la ki sitiye ozalantou yon vil ki rele Jisr al-Shou-ghour.
Plizyè douzèn sòlda kap defann gouvènman an ak divès lòt moun te rete bloke anndan sant ospitalye a depi fen mwa davril la. Moun poko konnen sa k rive yo, menm si militan al-Nusra yo ekri sou kont Twitter yo pou di sòlda yo nan kouri e yap rapousuiv yo.