Breaking News

Maryaj 2 Moun Menm Sèks nan Referandòm nan peyi Irland

Yon patizan repons "Wi" a kanpe devan yon gwo siyn "YES" nan sant vil  Dublin, nan Irland. (Foto: Jedi 21 me 2015).
Yon patizan repons "Wi" a kanpe devan yon gwo siyn "YES" nan sant vil Dublin, nan Irland. (Foto: Jedi 21 me 2015).

Nan Irland, yon peyi kote moun yo konsèvatè anpil-anpil sou plan sosyal la --sètadi, yo pa tèlman renmen wè chanjman fèt nan fason sosyete a ap fonksyone-- sitwayen yo ap vote vandredi 22 me 2015 la nan yon referandòm pou amande konstitisyon an yon fason pou legalize maryaj 2 moun ki gen menm sèks (gason ak gason, fi ak fi).

Si se vòt "wi" a ki pase, Irland ap tounen premye peyi nan lemond ki apwouve maryaj omoseksyèl a travè yon vòt popilè. Sou kontinan ewopeyen an, maryaj ant 2 moun menm sèks legal nan plis pase 12 peyi. Li legal tou lòt kote sou latè, tankou nan peyi Ajantin, Brezil, Kanada, Nouvèl Zeland, Afrik di Sid ak Irigwe.

XS
SM
MD
LG