Accessibility links

Breaking News

Apèl Ijan Prezidan Obama pou Plis Efò Fèt Kont Chanjman Klimatik yo


Prezidan Barack Obama
Prezidan Barack Obama

Prezidan Barack Obama pral lanse yon apèl dijans, mèkredi 20 me 2015 la, pou l mande plis aksyon pou soutni efò kap fèt pou konbat chanjman klimatik yo, nan moman La Mezon Blanch ap pibliye yon nouvo rapò sou konsekans chanjman klimatik yo sou sekirite nasyonal Lèzetazini.

Misye Obama genyen pou l pran lapawòl sou dosye a nan yon seremoni remiz diplòm pou nouvo manm Gad Kòt Lèzetazini ki pral dewoule nan vil New London, nan Eta Connecticut. Daprè kèk ektrè diskou a laprès resevwa, prezidan ameriken an pral atire atansyon sou le fèt ke anpil enstalasyon militè ki sou kòt peyi a deja afekte akoz nivo lanmè a ki monte, epi sechrès ak dife-sovaj kapab menase kan antrènman militè ki nan pati lwès Lèzetazini. Nan mesaj la, Prezidan Obama pral di nouvo diplome yo –antwòt:

“ Nou reprezante premye jenerasyon ofisye kap kòmanse sèvis nou nan yon mond kote konsekans chanjman klimatik yo sou nou parèt trè klè. Chanjman klimatik yo pral jwe yon wòl nan fason chakenn nan branch militè nou yo planifye, opere, antrene, ekipe e pwoteje enfrastrikti yo, jodi e nan lavni.”

XS
SM
MD
LG