Accessibility links

Breaking News

Angajman Prezidan Obama Pou Sekirite Total 6 Peyi nan Gòlf Pèsik la

Prezidan Barack Obama avèk (de goch a dwat) Prens Eritye Abu Dhabi a, Sheikh Mohammed bin Zayed Al Nahyan; Prens Eritye Barenn nan, Salman bin Hamad Al-Khalif; Vis Premye Minis Omann nan, Sayyid Fahad Bin Mahmood Al Said; Emir Kowet la, Sheik Sabah Al-Ahmad Al-Jaber Al-Sabah; Prens Eritye Arabi Sawoudit la, Mohammed bin Nayef;- ak Emir Kata a, Sheikh Tamim bin Hamad Al-Thani, nan fen yon somè nan Camp David.

Prezidan Barack Obama pran yon angajman fèm esolid vizavi alye Lèzetazini yo nan Gòlf Pèsik la pou l defann sekirite rejyon an e li ta menm dispoze itilize fòs militè si yo ta anba menas. Misye Obama pran angajman sa a pandan li tap resevwa 6 lidè ak minis enpòtan peyi ki fè pati Konsèy Kowoperasyon Gòlf la (Barenn, Kowet, Omann, Kata, Arabi Sawoudit ak Emira Arab Ini) nan retrèt prezidansyèl la nan Camp David, ki o nò Washington

Prezidan ameriken an di rejyon an ap pase pa kèk chanjman ekstwòdinè, pandan lap fè fas ak gwo defi. 6 lidè yo te vini nan somè a pou yo te chache jwenn nan men Misye Obama asirans kòmkwa Lèzetazini pran yon angajman total-kapital pou l defann sekirite peyi yo.

Lidè Lèzetazini an di Washington pral ranfòse efò lap fè pou l ede Eta Gòlf yo fè fas ak tout yon seri defi. Pami mwayen li pral itilize pou sa, genyen plis egzèsis militè ak asistans pou ede peyi sa yo devlope yon sistèm defans ak misil epi ranfòse kapasite yo pou yo reponn rapidman fas ak tout menas.

XS
SM
MD
LG