Accessibility links

Breaking News

Nijerya-Teworism : Lame Libere Plizyè Santèm Prizonye Boko Haram.


Yon dam lame sove anba men Boko Haram nan forè Sambisa, ap selebre liberasyon li nan Kan Malkohi nan vilaj Yola, nan Eta Adamawa, peyi Nijerya. (Foto: 3 me 2015).
Yon dam lame sove anba men Boko Haram nan forè Sambisa, ap selebre liberasyon li nan Kan Malkohi nan vilaj Yola, nan Eta Adamawa, peyi Nijerya. (Foto: 3 me 2015).

Nan peyi Nijerya, yon operasyon militè mete fen nan plizyè mwa kaptivite plizyè fanm ak timoun ke gwoup militan Boko Haram nan te kidnape. Lami Musa, youn nan viktim yo, pale pou l pote detay sa yo:

Yo te pran m pou yo te fè m marye ak youn nan kòmandan yo. Lè yo te reyalize mwen te ansent, yo di mwen te an afè ak yon enfidèl e yo touye misye. Yo deklare depi mwen fin akouche nan yon semèn, yo tap marye m ak kòmandan yo a. Mwen te akouche pandan yon nuit, epi nan demen maten sòlda yo te pote nou sekou.”

Ajans Nijerya pou Kontwòl Kesyon Ijans Nasyona la (NEMA) --ki tap abède dosye a dimanch 3 me 2015 la-- fè konnen gen omwen yon moun ki mouri e plizyè lòt blese pandan operasyon sekou a. Yon lot kote, NEMA deklare yon gwoup 275 moun lame te delivre semèn pase a nan rejyon Nòdès Nijerya a, deja rive nan yon kan refijye kote yap resevwa swen medikal ak terapi pou twomatism.

XS
SM
MD
LG