Accessibility links

Breaking News

Nan Yemèn, Avyon Militè Kowalisyon an Kontinye Bonbade Pozisyon Rebèl Outi yo.

Yon rebèl Chiyit (yon Outi, 2èm a goch) kenbe yon postè lidè Hezbollah a, Sheikh Hassan Nasrallah, pandan lap patisipe avèk kanmarad li yo nan yon manifestasyon kont "agresyon Arabi Sawoudit" nan Yemèn. (Foto: Sanaa, Yemèn, 22 avril 2015).

Nan Yemèn, avyon militè bonbade posizyon rebèl Outi yo jedi 23 avril 2015 la, 2 jou apre sa k te sipoze reprezante yon fen ofisyèl nan kanpay atak ayeryen ki gen Arabi Sawoudit nan tèt li a.

Daprè kèk temwen, bonbadman sa yo frape rejyon ki alantou prensipal vil ki nan pati sid peyi a, an palan de vil Adenn, kote konba yo ap kontinye ant rebèl yo ak patizan gouvènman dechouke a.

Nan jounen madi 21 avril la, Arabi Sawoudit te deklare li ta pral mete fen nan atak yo. Kèk èdtan apre sa, avyon militè kowalisyon Riyad ap dirije a te atake pozisyon rebèl yo nan Adenn ak vil Tayiz ki nan mitan peyi a.

XS
SM
MD
LG