Accessibility links

Breaking News

Itali–Krim: Manda Darè kont Responsab yon Aksidan Bato Boat People


Yon bato gadkòt Italyen ak yon elikoptè pandan yon operasyon rechèch ak sekou apre yon bato chaje ak imigran te chavire. Moun pè pou anviwon 800 pasaje pa mouri. (Foto-video: 19 avril 2015).
Yon bato gadkòt Italyen ak yon elikoptè pandan yon operasyon rechèch ak sekou apre yon bato chaje ak imigran te chavire. Moun pè pou anviwon 800 pasaje pa mouri. (Foto-video: 19 avril 2015).

Nan peyi Itali, otorite lajistis yo lanse manda darè dèyè 2 moun ki te sòti vivan nan dezas yon bato ki te koule dimanch pase a, sou akizasyon deske yo ta mele nan trafik kretyen vivan. Komisè gouvènman Rocco Liguori, ki tap bay eksplikasyon sou dosye a, fè deklarasyon sa a:

"Nou lanse 2 manda dèyè 2 moun nou sispèk kòm trafikan; nap pale de kaptenn bato ki te chavire a, ak yon manm ekipaj la. Nou akize yo tou lè 2 deske yo tap ankouraje imigrasyon ilegal ; nou akize kaptenn nan tou deske li komèt omisid pa neglijans."

Byen ta lendi 20 avril 2015 la, otorite italyen yo te idantifye sispèk yo kòm komandan batiman an --ki se yon sitwayen tunizyen-- ak premye matlo bato a. Yo fè konnen se 2 mesye sa yo ki te an chaj kannòt la ki te chaje kou legba lè li te chavire a tou prè kòt peyi Libi. Li te genyen anviwon 900 moun abò l.

XS
SM
MD
LG