Nan peyi Lejip, yon tribinal kondane ansyen prezidan Mohamed Morsi pou l pase 20 tan nan prizon pou responsablite li nan asasina plizyè manifestan ki te pran lari nan lane 2012. Jijman sa a tonbe nan kòmansman jounen madi 21 avril 2015 la.
Ansyen lidè a chape anba posibilite pou l ta resevwa yon kondanasyon a-mò, paske tribinal la jwenn li-menm ak 12 lot lidè ak patizan pati politik Fratenite Mizilman koupab sèlman pou entimidasyon ak vyolans, men pa pou asasina.
Akizasyon sa yo gen rapò ak yon lese-frape ki te dewoule devan palè prezidansyèl la; li te kòmanse avèk atak patizan islamik Misye Morsi yo te lanse kont manifestan ki tap pwoteste kont yon dekrè ki te deklare lajistis peyi a pat gen pyès otorite pou li konteste desizyon Prezidan Morsi.