Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon / Tiraj-o-Sò pou Idantifye Pati Politik yo


Ann Ayiti, KEP a (Konsèy Elektoral pwovizwa a) òganize pandan wikenn nan yon tiraj-o-sò ki bay nimewo pati politik yo pral itilize pou idantifye yo nan okazyon pwochen eleksyon yo. Yon lòt kote, biwo BED yo (Biwo Elektotal Depatmantal) ap kòmanse resevwa enskripsyon kandida pou manm palman an (tou lè 2 chanm ) a pati de lendi 6 avril 2015 la.

000000000000000000000000000000000

MOCHRENHA (Mouvman Kretyen pou yon Nouvèl Ayiti) gen dout KEP a vle ou kapab òganize eleksyon onèt, kredib ak demokratik tout bon. Lidè pati a, Sadrack Dieudonné, regret –antwòt : 1. Ofisyèl KEP a pa tèlman dispoze pou yo resevwa opinyon oubyen sijesyon ki sòti bò kote lidè pati yo, alòske yo byen pare pou yo pran konsèy nan men kominote entènasyonal la ; 2. Otorite yo nan Konsèy Elektoral la rejte lide MOCHRENHA te lanse pou yo òganize eleksyon yo an 2 tou sèlman e non pa 3 tou; paske, daprè li, senaryo KEP a chwazi a (eleksyon an 3 tou) pral koute twò chè pou yon peyi kote eleksyon bezwen asistans entènasyonal pou yo dewoule. Sepandan, Misye Dieudonné di li akeyi avèk satisfaksyon tiraj-o-sò KEP a mete sou pye pou l bay chak nan pati politik yo yon nimewo pou pèmèt elektè yo idantifye yo ; paske, daprè lidè MOCHRENHA a, tiraj-o-sò a te fèt ak bon jan transparans.

0000000000000000000000000000

Yon lòt kote, Clarens Renois, lidè pati UNIR (Unyon Nasyonal pou Entegrite ak Rekonsilyasyon) fè yon toune nan Depatman Sid la kote li anime kèk rankont nan divès lokalite. Misye Renois, ki prezante tèt li kòm « kandida chanjman an», lanse apèl pou l mande ayisyen mete tèt yo ansanm pou yo akselere pwosesis devlopman peyi a.

00000000000000000000000000000

Nan Ba Plato Santral la -pi presizeman nan vil Las Cahobas—dirijan lokal Pati Tèt Kale denonse sa yo konsidere kòm «mannèv innakseptab » lidè pati yo nan Pòtoprens ap fè pou yo chwazi kandida pati pou diferan pòs nan Plato a. Yo fè sèman yo pap akspete kandida enpoze, pandan yo ensiste pou di pwovens yo kapab fè bon chwa tou.

XS
SM
MD
LG