Accessibility links

Breaking News

“Akò Istorik” sou Pwogram Nikleyè Iranyen an


Sekretè Deta ameriken an, John Kerry (agoch), ak Minis Afè Etranjè iranyen an, Mohammad Javad Zarif, ki tap pare pou yo fè yon deklarasyon nan Enstiti Federal Teknoloji Laswis la (ou Ecole Polytechnique Federale De Lausanne) sou antant yo jwenn sou pwogram nikleyè iranyen an, jedi 2 avril 2015 la.
Sekretè Deta ameriken an, John Kerry (agoch), ak Minis Afè Etranjè iranyen an, Mohammad Javad Zarif, ki tap pare pou yo fè yon deklarasyon nan Enstiti Federal Teknoloji Laswis la (ou Ecole Polytechnique Federale De Lausanne) sou antant yo jwenn sou pwogram nikleyè iranyen an, jedi 2 avril 2015 la.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konpliman pou yon plan-kad gwoup 6 puisans mondyal yo jwenn pou yon akò sou pwogram nikleyè Iranyen an. Se yon evennman istorik, daprè li, paske, si Teheran respekte antant la totalman, sa kapab bay lemond plis sekirite epi ralanti avans Iran sou wout pou l fabrike yon bonm nikleyè. Prezidan Obama deklare:

"Ako-kad sa a kapab ralanti kous Iran sou tout wout li ta kapab pran pou l devlope yon bonm nikleyè. Iran pral fè fas ak kèk limitasyon byen dyanm nan pwogram li a; li mete l dakò tou pou l kite enpeksyon ki pi solid e pi sere posib la fèt pou nou gen transparans ki pi strik nou janm negosye nan tout listwa sou yon pwogram nikleyè. Alòs, akò sa a pa baze sou konfyans, men pito sou yon verifikasyon ki pa gen parèy nan listwa.”

Kidonk, diplomat Iran, Lèzetazini ak 5 lòt grand puisans (La Grann Bretay, Lachin, Lafrans, Larisi ak Lalmay) ki te reyuni nan vil Lozàn, nan peyi Laswis, mete yo dakò sou antant sa a aprè plizyè mwa negosyasyon difisil kote, pafwa, yo te doute li te posib pou yo jwenn yon solisyon final. Men opinyon chèf diplomasi peyi Iran an, Mohammad Javad Zarif:

"Mwen espere, nan fen pwosesis sa a, nou tout pral montre ke, atravè dyalòg ak bon jan angajman, bon jan kontak antre nou --kontak ki baze sou diyite-- nou kapab vrèman rezoud pwoblèm nou yo, ouvri orizon tou nèf epi pouse pou pi devan."

Negosyasyon yo pa rete san kritik, sitou bò kote peyi Izrayèl. Obsèvatè kap kritike l yo fè konnen Lèzetazini ak patnè li yo fè twòp konsesyon devan Iran. La Mezon Blanch di Prezidan Obama rele Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, nan telefòn nan menm jounen jedi a pou l ba l garanti ke akò a pa diminye ditou prewokipasyon Lèzetazini devan le fèt ke Iran se yon peyi ki patwone zak teworis. Se menm jan tou, daprè Misye Obama, Washington byen konsyan di fèt ke Iran poze kèk gwo menas pou peyi Izrayèl. Negosyatè yo genyen yon delè kap pran fen nan dat 30 jen 2015 la pou yo rive jwenn yon akò final.

XS
SM
MD
LG