Platfòm politik MOPOD (Mouvman Patriyotik Popilè Desalinyen) pral òganize yon eleksyon primè pou manm li yo chwazi reprezantan platfòm nan nan eleksyon prezidansyèl yo. Ansyen Senatè Samuel Madistin (ki se yon òm de lwa) ak dirijan pati RDNP (Rasanbleman Demokrat Nasyono-Pwogresis), Mirlande Manigat, se 2 pami kandida platfòm nan. Senatè Madistin di Lavwadlamerik li pare pou l aksepte rezilta yo si manm MOPOD yo pa ta vote an favè li.
An plis MOPOD, OPL (Òganizasyon Pèp Kap Lite) pral òganize eleksyon primè li pou konnen ki kandida kap reprezante pati a nan tout nivo. Pati Fanmi Lavalas fè konnen tou entansyon n pou l òganize eleksyon primè, eksepte pou pòs prezidan an kote kowòdonatè nasyonal pati a, Doktè Maryse Narcisse, pral reprezante li. Epi, prezidant Fusion Socio Demokrat yo, Edmonde Supplice Beauzile, manifeste volonte li tou pou l al dèyè pòs prezidan an nan non pati a.
Yon lòt kote, Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap kòmanse resevwa depo kandidati sitwayen ki vle patisipe nan eleksyon pou pòs depite ak senatè a pati de dat lendi 6 avril 2015 la. Enterese yo gen jiska 19 avril pou yo depoze dosye yo nan BED yo (Biwo Elektoral Depatmantal). KEP a pral pibliye lis kandida agreye yo nan kòmansman mwa me 2015 la.
Pati ak regroupman politik ki jwenn otorizasyon pou yo patisipe nan pwochen eleksyon yo, ap negosye antre yo pou yo fòme alyans ak kowalisyon avan dat la rive pou kandida yo fè depo dokiman yo. KEP a fè konnen li dwe enskri tout alyans ak kowalisyon anvan pou yo kapab soumèt kandidati reprezantan yo.
Anfen, Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman ayisyen an, Rotchild Francois Junior, ki tap patisipe nan yon vizit gide sou travay k ap fèt nan ayeropò entènasyonal Pòtoprens la (Ayewopò Toussaint Louverture), di laprès objektif travay sa a se modènize sistèm transpò ayeryen an ann Ayiti. Minis François pwofite okazyon an pou l prezante eta avansman sa li konsidere kòm yon seri travay k ap fèt nan ayewopò nan diferan depatman jewografik peyi a. Sou menm dosye a, direktè jeneral Otorite Ayewopòtyè Nasyonal la, Pierre André Laguerre, di jounalis yo travay pou reyamenaje ayewoga ayewopò a koute 6 milyon dola.