Nan vil Lozàn, nan peyi Laswis, negosyasyon sou pwogram zam nikleyè peyi Iran an antre nan yon jounen pwolongasyon, aprè diplomat yo pat rive jwenn yon akò anvan delè yo te fikse pou sa a, te rive nan bout li madi 31 mas la. Sepandan, Minis Afè Etranjè iranyen an, Javad Zarif, montre anpil optimism lè li tap pale ak laprès byen ta nan fen yon jounen kote li-menm ak gwo diplomat peyi Lèzetazini, Larisi, Lafrans, Lachin, La Grand Bretay, ak Lalmay ( sa yo rele “Gwoup 5 Plis 1 an”) te fè kèk negosyasyon maraton. Misye Zarif di:
"Nou travay depi 7 tè edmi di maten e jounen an te long anpil pou tout delegasyon yo. Nou reyalize anpil bagay; men moun yo te bezwen pran yon ti repo pou yo rekòmanse travay ankò byen bonè mèkredi maten. Mwen espere nou pral kapab mete dènye touch yo nan travay la mèkredi, e m swete nou va kapab fini ak preparasyon pwojè akò a nan jounen an. Mèsi.”
Peyi manm “Gwoup 5 Plis 1 an” ta renmen wè Iran koupe sou operasyon kote lap anrichi iranyòm, yon fason pou l pa an mezi pou l fabrike yon bonm nikleyè. Pou sa k konsènen negosyasyon kap fèt nan Laswis yo, dènye nouvèl yo fè konnen Lachin lanse apèl bay tou lè 2 pati yo pou li mande yo anvizje fè konpwomi pou yo kapab rive jwenn yon akò, nan moman chita-tande yo ap pwolonje nan vil Lozàn.