Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Evans Paul Ankouraje Popilasyon Patisipe nan Aktivite Politik ak Kiltirèl yo


Premye Minis ayisyen an, Evans Paul
Premye Minis ayisyen an, Evans Paul

Premye Minis ayisyen an, Evans Paul, ki tap patisipe nan selebrasyon 75è anivèsè fondasyon Bibliyotèk Nasyonal d Ayiti a, lanse apèl bay tout sitwayen yo pou yo patisipe nan tout aktivite kap dewoule nan peyi a pandan ane 2015 la, sòti nan festival kiltirèl CARIFESTA a pou rive nan pwochen eleksyon yo.

Bò kote pa l, Senatè Francisco De la Cruz (Plato Santral), fè konnen preokipasyon li devan gwo kantite kandida ki enskri pou patisipe nan pwochen eleksyon yo, paske, daprè li, sa ka konplike sitiyasyon an pou elektè yo. Senatè a pale konsa aprè Konsèy Elektoral Pwovizwa a te pibliye yon lis 105 pati ak regwoupman politik li otorize patisipe nan eleksyon yo k ap kòmanse 9 out. 87 pati ak regwoupman ki resevwa move kanè yo gen jiska samdi 28 mas, a midi, pou yo konplete dosye yo.

Nouvèl Ayiti -vandredi 27 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:13 0:00
Direct link

Ayiti-Eleksyon toujou: Konsèy Elektoral Pwovizwa a anonse l ap ranplase kèk nan anplwaye Biwo Elektoral Depatmantal (BED) ak Biwo Elektoral Kominal (BEK) ki tonbe anba kontestastyon pati politik yo. Konseye elektoral Ricardo Augustin di chanjman sa yo pral fèt sèlman nan depatman kote pwosesis rekritman pèsonèl KEP a pwovoke kontestasyon. Se kandida ki te fè plis pwen nan egzamen yo kap ranplase anplwaye konteste yo.

Anfen: Konsèy Elektoral la bay pati ki agreye yo jiska 5 avril kòm delè pou yo fòme platfòm politik selon tandans yo anvan enstitisyon an kòmanse resevwa dosye kandidati yo. Pati sa yo dwe bay KEP a enfòmasyon sou tout chanjman yo fè pandan delè a.

XS
SM
MD
LG