Ann Ayiti, KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) otorize 105 pati ak regwoupman politik --sou 192 ki te enskri-- patisipe nan pwochen eleksyon yo. Pami pati ki otorize yo genyen MOPPOD (Mouvman Patriyotik Popilè Desalinyen), yon koalisyon politik opozisyon an, Verite (ki se pati ansyen Prezidan Rene Preval) epi Pitit Desalin, pati ansyen Senatè Moise Jean-Charles ki gen lontan depi l ap dirije manifestasyon pou mande demisyon Prezidan Michel Martelly.
87 pati ak regwoupman politik KEP a mete akote yo (tankou MOCRENAH, pa egzanp) gen jiska midi, samdi 28 mas la, pou yo konplete dosye yo, selon atik 103 dekrè elektoral la.
Konseye elektoral Néhémie Joseph, ki pale ak Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, di pami rezon ki fè KEP a diskalifye pati politik yo, genyen pa egzanp absans yon siyati otorize, absans non pati a sou yon lis ki sòti nan ministè lajistis oubyen dokiman pati yo soumèt yo enkonplè. Yon lòt kote, konseye Joseph lanse lide pou pati ak regroupman agreye yo ta fòme yon platfòm politik fòmèl avan pou yo kòmanse fè depo kandidati yo pou eleksyon yo kap kòmanse nan dat 9 out 2015 la. Konsèy elektoral la pral pibliye lis definitif la apre pati ak regwoupman politik ki pa sou premye lis ofisyèl la va fin konplete dosye yo.
Ann Ayiti toujou, PNH (Polis Nasyonal Dayiti) prezante 5 moun ki, daprè otorite yo, ta responsab zak kanbriyolaj nan rezidans lidè legiz katolik yo nan 6 depatman. Vis-pòtpawòl PNH la, Garry Desrosiers, fè konnen fòs de lòd yo ap chache 10 lòt prezime bandi ki ta fè pati rezo malfektè sa a. Federasyon Pwotestan Dayiti deplore move zak kap fèt kont manm klèje katolik la.
Anfen, Kou Siperyè dè Kont ap kontinye ankèt administratif lap fè sou jesyon ansyen premye minis ak minis ki te dirije enstitisyon leta yo. Direktè kou a, Fritz Robert Saint-Paul, di enstitisyon an prèske fin prepare 40 rapò sou jesyon kèk ansyen premye minis tankou Rosny Smarth, Laurent Salvador Lamothe ak Jean Max Bellerive. Kou Siperyè dè Kont gen pou l transfere dosye sa yo nan sena a. Senatè Steven Benoit fè konnen gran kò a toujou kapab analize dosye yo, menm si li pa totalman operasyonèl depi 2èm lendi mwa janvye 2015 la.