Pi gwo kòmandan branch rezo Al Kayda nan Siri mouri jedi 5 mas 2015 la nan yon atak ki sanble te vize yon reyinyon gwo manm gwoup la tap fè. Non kòmandan militan sa a se Aby Humam al-Shami e misye ta pèdi lavi li ansanm ak anpil lòt manm gwoup la ki rele "Fwon Nusra".
Ajans nouvèl ki anba kontwòl Leta siryen an rapòte se fòs gouvènmantal yo ki te lanse atak la nan pwovens Idlib. Bò kote pa l, Obsèvatwa Dwa Moun siryen an, ki gan baz li nan peyi Langletè, anonse lanmò Human al-Shami an san li pa presize kiyès ki te lanse atak la.
Yon manm wo-plase gwoup « Fwon Nousra » a di li konsidere lanmò sa a "kom yon gwo kou pou gwoup la, yon kou ki fè mal anpil, yon kou ki sakaje Fwon Nousra a seryezman." Fwon an se yon rival pou Gwoup Eta Islamik la ki pi popilè; yo tou lè 2 ap redi pou wè kilès kap pase men pran pi plis tèritwa nan Siri e menm ranvèse rejim Prezidan Bashar al-Assad la. Kowalisyon Lèzetazini ap dirije a pa sispann atake pozisyon fwon an okipe nan Siri.