Accessibility links

Breaking News

Pwogrè nan Rankont Kerry-Zarif sou Pwogram Nikleyè Iranyen an.


Negosyatè ameriken (avèk Sekretè Deta John Kerry an tèt) ak negosyatè iranyen (avèk Minis Mohammad Javad Zarif an tèt) pandan rankont yo nan Laswis.
Negosyatè ameriken (avèk Sekretè Deta John Kerry an tèt) ak negosyatè iranyen (avèk Minis Mohammad Javad Zarif an tèt) pandan rankont yo nan Laswis.

Chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry, ak minis afè etranjè iranyen an, Mohammad Javad Zarif, mete fen, mèkredi 4 mas 2015 la, nan yon rankont 3 jou yo fè nan vil Montreux, nan peyi Laswis, sou pwogram nikleyè iranyen an. Diplomat tou lè 2 peyi yo ki te asiste rankont yo fè konnen negosyasyon yo debouche sou kèk pwogrè.

Daprè sa yon otorite nan La Mezon Blanch fè laprès konnen, « negosyasyon san pran souf sa yo bay kèk bon rezilta, » menm si 2 pati yo genyen kèk pwoblèm pou yo rezoud toujou anvan pou yo kapab jwenn yon plan d’antant; men yo bay tèt yo jous fen mwa mas 2015 la kòm delè pou yo jwenn antant sa a.

Negosyasyon yo koenside avèk visit Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, nan Washington kote li mete yon mesaj devan tou lè 2 chanm kongrè ameriken an reyini, kote li di palmantè yo poukisa li panse yon akò nikleyè avèk Iran se yon bagay danjre. Lè laprès te mande otorite ameriken an eske li panse diskou Misye Netanyahu a pral fè l vin pi difisil pou kongrè a aksepte yon antant ak Iran, li reponn :

“ Defi ki poze pou lemond aksepte yon akò konsa, se yon defi nap konfwonte depi kòmansman negosyasyon yo.”

Iran ak yon gwoup 6 puisans mondyal ki rele “5 + 1” (5 manm pèmanan Konsèy Sekirite l’ONU an plis Lalmay) ap chache wè si yo ka bat yon delè yo fikse tèt yo e kap pran fen nan dat 31 mas pwochen an, pou yo rive jwenn yon akò-kad sou pwogram nikleyè iranyen an. Yo espere negosyasyon yo va debouche sou yon akò final anvan le premye jiyè 2015.

XS
SM
MD
LG