Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kiba : 2èm Round Negosyasyon sou Retablisman Rapò Diplomatik yo


Asistan-Sekretè Deta, responsab Afè Emisferik, Roberta S. Jacobson (nan mitan), pandan yon depozisyon nan Kongrè a sou inisyativ administrasyon Obama a lanse pou l retabli rapò diplomatik ak Kiba. Vis Asistan-Sekretè Deta Komès Matthew S. Borman, a dwat, ak Vis Sekretè Deta Trezò John E. Smith, agoch. (Foto: AP/Pablo Martinez Monsivais)
Asistan-Sekretè Deta, responsab Afè Emisferik, Roberta S. Jacobson (nan mitan), pandan yon depozisyon nan Kongrè a sou inisyativ administrasyon Obama a lanse pou l retabli rapò diplomatik ak Kiba. Vis Asistan-Sekretè Deta Komès Matthew S. Borman, a dwat, ak Vis Sekretè Deta Trezò John E. Smith, agoch. (Foto: AP/Pablo Martinez Monsivais)

Yon 2èm round negosyasyon ant Lèzetazini ak Kiba sou repriz relasyon diplomatik ant 2 peyi yo ap dewoule vandredi 27 fevriye 201 5 la nan Depatman Deta a, nan Washington. Daprè yon ekspè ameriken, reprezantan 2 pati yo pral chita ansanm pou yo pale seryezman sou dosye a epi pran dispozisyon ki nesesè pou yo ouvè anbasad nan kapital 2 peyi yo nan 2 zou 3 mwa kap vini la yo. Pwofesè Ted Piccone, kap travay nan òganizasyon Brookings Institutions, nan Washington, pa kwè negosyasyon yo pral pran tan pou yo evolye nan sans pozitif la.

« Mwen panse si yo rive elimine difikilte ki devan yo, nan pi bon kad figi a, nou ka prevwa mwa me oubyen jen kote moun ta ka wè drapo ap flote devan anbasad yo. Lèzetazini deja genyen yon gwo building, nan yon bon katye ki bay sou lanmè nan La Avàn. Sa sèlman ki manke, se yon siyn devan li ki pou di se yon anbasad. »

Yon mwa aprè premye round negosyasyon yo te dewoule nan La Avàn, rejim kastris la di lap makònen ouvèti anbasad yo ak yon desizyon Lèzetazini ta dwe pran pou l wete Kiba sou lis peyi kap patwone zak teroris. Sepandan Depatman Deta pa lye 2 kesyon yo fòseman; li fè konnen 2 pati yo dwe konsidere prezans Kiba sou sou lis patwon teworism entènayonal yo kòm yon sijè separe e 2 gouvènman yo va abòde li nan lavni. Pou pwofesè Ted Piccone, Kiba pa ta dwe rete sou lis la toujou.

« Kiba twouve l sou lis sa a depi 1982. Men Depatman Deta a revize dosye a chak ane e li rive nan konklizyon asavwa rezon pou yo kite Kiba sou lis la pa sispann pèdi fòs. Mwen panse reyalite a pa kadre ak politik Lèzetazini vizavi Kiba e Prezidan Obama rekonèt sa. »

Pwofesè Ted Piccone ajoute li panse chanjman Prezidan Obama vle pote nan relasyon ant Lèzetazini ak Kiba yo fè pati yon eritaj li dwe fin prepare nan 2 zan kap vini la yo. Bò kote pa l --toujou daprè Misye Piccone-- Kiba dwe pote kèk chanjman tou nan Revolisyon n nan, si Prezidan Raul Castro ta renmen wè peyi li a retounen nan ekonomi global la. Lèzetazini te fèmen anbasad li nan La Avàn e li te enpoze yon anbago sou Kiba nan ane 1960 aprè lidè kominis Fidel Castro te ranvèse Prezidan Fulgencio Batista ki te nan tèt yon gouvènman Lèzetazini tap apiye.

XS
SM
MD
LG