Accessibility links

Breaking News

Tansyon ap Monte ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn


Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman ayisyen an, Rotchild Francois Junior, anonse gouvènman an ap itilize vwa diplomatik pou l rezoud pwoblèm ki poze ant peyi d Ayiti ak Repiblik Dominikèn apre yon seri ensidan vyolan ki pase sou tou lè 2 tèritwa yo e ki lage tansyon nan relasyon ant 2 peyi yo. Misye Fançois ajoute otorite yo ap reponn lèt Minis Afè Etranjè dominiken an, Andres Navarro, voye bay kòlèg ayisyen li a, Pierre Duly Brutus, pou l rejte tèz rasis otorite ayisyen yo leve kont pèp dominiken an. Gouvènman Prezidan Danilo Medina a raple anbasadè dominiken an ann Ayiti, Ruben Silie Valdez, pou konsiltasyon apre yon gwoup sitwayen ayisyen ki tap pwoteste te antre nan konsila dominiken an nan Petyonvil kote yo te desann drapo panyòl la epi yo boule li.

Nouvèl Ayiti -vandredi 27 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:39 0:00
Direct link

Reyaksyon sou sitiyasyon tansyon kap devlope ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan:

Senatè Plato Santral la, Francisco De la Cruz, bay otorite ayisyen yo konsèy pou yo pran bon jan dispozisyon pou yo fè fa ak move zak kèk sitwayen dominiken ap poze kont ayisyen k ap viv nan Repiblik Dominikèn. Senatè a kwè otorite yo te dwe fèmen fwontyè ayisyano-dominiken an apre enkoni te pann yon travayè ayisyen nan vil Santiago de Los Caballeros, nan peyi panyòl.

Ayiti-Inyon Ewòp / Kowoperasyon - Nouvèl Nèf:

Premye Minis Evans Paul enstale, nan jounen jedi 26 fevriye 2015 la, Charles Jean-Jacques kòm nouvo kowòdonatè nasyonal Fon Inyon Ewopeyèn pou Devlopman an. Misye Jean-Jacques ranplase Jean Edner Nelson nan pòs sa a. Misyon kowòdonatè ase jere avèk lòd e efikasite yon seri pwojè Inyon Ewòp la ap finanse ann Ayiti, dapre Akò Lome a ke Ayiti te siyen an 1989.

XS
SM
MD
LG