Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Lanse 3 Jou Kanaval Nasyonal 2015 la nan Pòtoprens


Prezidan Michel Martelly lanse dimanch 3 jou festivite kanaval 2015 la nan yon seremoni ki dewoule nan Palè Nasyonal la. Nouvèl yo fè konnen plizyè dizèn milye moun patisipe nan premye jounen defile kanavalès la. Tèm Kanaval Nasyonal pou ane 2015 la se "Nou Tout se Ayiti". Komite òganizatè a seleksyone 17 gwoup mizikal ak bann apye pou patisipe nan defile ofisyèl la.

Fèt popilè anyèl sa a retounen nan kapital la, Pòtoprens, pou la premyè fwa nan 4 tran aprè otorite yo te deside kite vil pwovens yo òganize evennman an: Vil Okay an 2012 , Kapayisyen an 2013 epi Gonayiv an 2014. Daprè kontak VOA Creole pran ak lapolis nan Pòtoprens, yon moun mouri epi 40 lòt pou pi piti blese nan jounen dimanch la.

Sepandan fèt kanaval la dewoule kanmèn nan lòt vil peyi a. Nan Jeremi, pa ekzanp, tit kanaval la se "Konparèt" ki non yon pwodwi lokal ben tipik). Korespondan nou Luckner Laguerre di nou festivite yo ap dewoule pandan 3 jou nan lokalite Gomye ki sou yn distans tou kout ak vil la.

Anfen, responsab yon gouvènman lokal tou pre vil Pòdepè, nan Depatman Nòdwès la, mande konkou fòs de lòd yo pou ede yo konbat fenomèn ensekirite nan zòn nan. Dieuseul Junior Louis fè nou konnen kriminèl yo pa idantifye kidnape epi touye plizyè moun nan lokalite a.

XS
SM
MD
LG