Accessibility links

Breaking News

Etazini/Kiba-Rapwochman: Vwayaj 2 Senatè Ameriken nan La Avàn.


Senatè ameriken Amy Klobuchar (D-MN) pandan li tap fè yon prezantasyon nan dejene Kowalisyon Amerikano-Kiben pou Agrikilti nan the National Press Club nan Washington, nan dat 8 janvye 2015 la (Foto achiv).
Senatè ameriken Amy Klobuchar (D-MN) pandan li tap fè yon prezantasyon nan dejene Kowalisyon Amerikano-Kiben pou Agrikilti nan the National Press Club nan Washington, nan dat 8 janvye 2015 la (Foto achiv).

Samdi 14 fevriye 2015 la, yon jou aprè Lèzetazini te anonse lap adousi restriksyon sou vwayaj nan Kiba, 2 senatè demokrat ameriken --Claire McCaskill (Eta Missouri) ak Amy Klobuchar (Eta Minnesota) kòmanse yon misyon 4 jou nan il Karayib la pou yo eksplore posiblite kowoperasyon an ant 2 peyi yo. Nan jounen vandredi a, Washington te anonse lap pèmèt pwopriyetè ti biznis kiben vann pwodui, sèvis ak machandiz ak Lèzetazini, eksepte manje ak pwodui agrikòl, alkòl, tabak ak kèk pwodui tekstil. Senatè McCaskill di sa k enterese li, se chache konnen kisa agrikiltè Eta Missouri yo kapab vann ak Kiba. Li deklare:

« Mwen se moun yon gwo Eta agrikòl. Nou ta renmen vann plis diri ak pèp kiben an. Nou ta renmen vann yo plis vyann poul, plis pwa, plis mayi. Alòs, mwen espere vwayaj sa a va pote kèk avantaj pou plantè ak elvè nan Eta m nan. »

Pandansetan, Senatè Amy Klobuchar, li-menm, pale de lòt chanjman ki kapab fèt nan relasyon ak Lèzetazini ak Kiba gras ak eliminasyon kèk restriksyon ; pami chanjman sa yo, li mete ouvèti yon anbasad amerikèn nan La Avàn. Senatè Klobuchar di:

« Prezidan Obama ap travay pou Lèzetazini ouvè yon anbasad isit, nan Kiba; e se pou sa nou ta vlè ouvèti anbasad la tounen premye nan tout chanjman yo. Mwen panse se trè zenpòtan. Ansuit, pwochen bagay la se va eliminasyon restriksyon sou vwayaj yo. Nou deja pote kèk chanjman nan domèn nan ; pa egzanp, fanmi gen dwa vizite fanmi. Men, mwen panse li enpòtan pou n elimine tout restriksyon sou vwayaj. »

Se pa tout manm kongrè ameriken an ki kontan ak chanjman sa yo ; pa egzanp, kèk palmantè ki gen orijin kibèn pa dakò ditou ak chanjman politik Lèzetazini vizavi Kiba Prezidan Obama ap pwone a. Sepandan, gen lòt ki di "li lè, li tan pou Washington mete fen nan yon anbago kap peze sou do Kiba depi plis pase 50 tan." Nan fen ane pase a, Prezidan Obama te anonse li menm ak Prezidan kiben an, Raul Castro, tap travay ansanm pou yo nòmalize relasyon ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG