Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Retou Senatè Dieuseul S. Desra nan Gran Kò a - Reyaksyon


Dieuseul Simon Desra, ansyen prezidan Sena ayisyen an, pandan yon vizit nan Lavwadlamerik (Foto achiv).
Dieuseul Simon Desra, ansyen prezidan Sena ayisyen an, pandan yon vizit nan Lavwadlamerik (Foto achiv).

Ansyen prezidan sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra, retounen nan pòs li nan dat mèkredi 11 fevriye 2015 la apre nouvèl te parèt pou di li te pami pamantè ki te gen manda yo fini nan dat 12 janvye 2015 la, dapre Lwa Elektoral 2008 la. Senatè a, ki te gen avèk li yon jij, avoka li ak kopi yon jijman tribinal refere, konfime pou jounalis yo manda l ap fini an 2017, dapre Konstitisyon 1987 la. Aktyèl prezidan sena a, Andris Riché, ki t ap reyaji sou retou senatè Plato Santral la, di gran kò a poko resevwa okenn dokiman lajistis ki konfime manda Misye Desra a ap kontinye.

Nouvèl Ayiti jedi 12 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:01 0:00
Direct link

Yon lòt kote, delè Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) te fikse pou pati politik yo ak sosyete sivil la fè kòmantè ak rekòmandasyon sou kalandriye elektoral la, ekspire nan fen jounen mèkredi 11 fevriye 2015 la. Plizyè pati politik --tankou Fizyon Sosyo-Demokrat yo-- kritike demach enstitisyon elektoral la ki, daprè yo, te dwe travay avèk yo sou dokiman an avan li te pibliye l.

Yon dirijan Fizyon lanse lide pou KEP a òganize yon sèl eleksyon pandan ane 2015 la pou rezon ekonomik e li ta dwe fèt ann oktòb -e non pa 2, jan kalandriye a pwopoze l la, youn an jiyè (eleksyon lejislatif yo f) epi yon lòt an oktòb (eleksyon prezidansyèl yo nan jounen dènye dimanch mwa Oktòb 2015 la). Yon 2èm tou prezidansyèl yo ta dewoule an menm tan ak eleksyon minisipal e lokal yo an janvye 2016 epi yon nouvo prezidan ta va prete sèman nan dat 7 fevriye 2016.

Selon kalandriye pwovizwa a, pwosesis elektoral la ap demare an mas 2015. Kèk pati nan opozisyon an di, pou sa ki konsènen prezidansyèl yo, yo pa gen resous finansye nesesè pou yo mennen yon kanpay pandan tout peryòd kap sòti nan mwa mas ane sa a pou rive an janvye 2016.

Anfen, Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, rejte yon petisyon pwofesè lise vil Jakmèl la (Lycée Pynchinat) te mete devan ministè a avan yo te kanpe sou manifestasyon yo. Minis la pran desizyon sa a apre li te pase plizyè èd tan ap rankontre avèk responsab lekòl yo nan Depatman Sid-Es la. Minis la mande pwofesè grevis yo nan Jakmèl mete doleyans yo devan Sendika Anseyan Nasyonal la dekwa pou pèmèt Ministè a ba yo yon repons kowòdone e ki valab pou tout pwofesè kap fè menm revandikasyon yo.

XS
SM
MD
LG