Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Rekonèt Eta Islamik la Touye Yon Lòt Ameriken nan Siri.


Miss Kayla Jean Mueller.
Miss Kayla Jean Mueller.

Prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, prezante omaj li bay yon amerikèn ki te travay nan domèn devlopman an nan divès peyi e ki mouri anba men militan Gwoup Eta Islamik la ki te pran l an otaj nan peyi Siri nan lane 2013. Non viktim nan se: Kayla Mueller. Nan yon deklarasyon La Mezon Blanch fè parèt, Prezidan Obama di --nap site:

"Yo pran li nan men nou; men li kite dèyè yon eritaj kap dire lontan. Lap kontinye enspire tout moun kap goumen (chakenn nan jan pa yo) pou yo defann sa ki jist ak sa ki desan. Lèzetazini pran angajman pou l lage yon koukouwouj dèyè moun ki te kidnape Kayla Mueller yo e ki responsab pou lanmò li ; epi nap trennen yo devan lajistis."

Otorite ameriken yo ak manm fanmi Kayla Mueller konfime lanmò a nan jounen madi 10 fevriye a, swa 4 jou aprè gwoup Eta Islamik la te di Miss Mueller te mouri nan yon atak fòs kowalisyon an te lanse nan vil Raqqa, nan peyi Siri. Li te gen 26 zan.

XS
SM
MD
LG