Accessibility links

Breaking News

Somè 11 Fevriye sou Ikrèn nan Belaris. Patisipan : Larisi, Ikrèn, Lafrans ak Lalmay.


Konferans de près Prezidan Barack Obama (adwat) ak Chanselye Almay la, Angela Merkel, sou sitiyasyon an nan Ikrèn. (Foto: AP/Evan Vucci -- Lendi 9 fevriye 2015 la).
Konferans de près Prezidan Barack Obama (adwat) ak Chanselye Almay la, Angela Merkel, sou sitiyasyon an nan Ikrèn. (Foto: AP/Evan Vucci -- Lendi 9 fevriye 2015 la).

Nan pati lès Ikrèn, nouvèl yo rapòte pwogrè twoup gouvènmantal yo nan divès zòn nan moman yon somè pral dewoule mèkredi 11 fevriye 2015 la pou chache tabli lapè nan rejyon an. Youn nan gwoup kap defann gouvènman Kyèv la e ki rele "Batayon Azòv la", ekri sou paj Facebook li pou l di li mete men sou plizyè vilaj pandan yon operasyon li lanse pou l repran yon vil fwontyè ki rele Novoazovsk.

Bò kote gouvènman an, yon pòtpawòl fè konnen omwen 7 sòlda mouri nan 24 trè ki pase yo: yo viktim batay ki dewoule nan pati lès peyi a. Pi fò zak vyolans yo dewoule anndan oubyen ozalantou Debaltserve, yon vil estratejik rebèl pwo-Larisi yo ap eseye pran nan men sòlda pwo-gouvènmantal yo depi kèk jou deja.

Pandansetan, sou plan diplomatik la, reprezantan Larisi, Ikrèn, Lalmay ak Lafrans gen pou yo rankontre mèkredi nan vil Minsk, kapital Byelorisi, kote yo pral eseye jwenn yon plan lapè pou mete fen nan konfli a ki la depi 10 mwa deja e ki koute lavi omwen 5 mil 400 moun.

Lendi 9 fevriye a, Prezidan Barack Obama te fè chita-tande sou kriz la avèk chanselye peyi Lalmay la, Angela Merkel, ki rejte presyon politik kap fèt pou peyi oksidantal yo mete zam a la dispozisyon lame Ikrèn nan. Nan yon konferans pou laprès Madam Merkel bay ak lidè ameriken an aprè rankont la, li repete opozisyon li kont lide sa a. Madam Merkel di :

"Se chak swa nap wè nan nouvèl yo kantite moun kap mouri, kantite sivil kap viktim; se chak swa nap wè nan ki kondisyon difisil moun yo ap viv. Se devwa nou, an tan ke politisyen, pou n eksplore tout posiblite pou n mete fen nan konfli sa a. Nou dwe pèp ikrenyen an sa."

Bò kote pa l, lidè ameriken an pa ekate posiblite pou Lèzezini ta mete zam a la dispozisyon lame ikrenyèn nan pou li kapab pi byen konbat separatis pwo-ris yo; sepandan li di lap tann rezilta somè mèkredi a nan Belaris anvan l pran yon desizyon sou sa. Men li ensiste pou l di sanksyon Lèzetazini ak Lewòp mete sou do Moskou yo, pral rete la pou denonse le fèt le Larisi vyole entegrite teritoryal Ikrèn. Prezidan Obama deklare:

"Menm lè nap kontinye travay pou yon solisyon diplomatik, nap pale klè ankò jodi a pou n di, si Larisi kontinye sou chemen lap swiv la (yon chemen kap depafini ekonomi ris la e ki gen konsekans tèrib ni pou pèp ris la, ni pou pèp ikrenyen an), eben, nou pral tou senpleman ranfòse izòlman peyi Larisi ni sou plan politik la, ni sou plan ekonomik la."

Misye Obama fini pa di sèl rezilta agresyon Larisi a bay, se ranfòse inite ant peyi oksidantal yo e sa reprezante yon demontrasyon de fòs anvan lidè 2 nan peyi sa yo (Lalmay ak Lafrans) al fè yon fas-a-fas avèk Prezidan Vladimir Putin.

XS
SM
MD
LG