Accessibility links

Breaking News

Ansyen Lidè Kiben Fidel Castro Reparèt an Piblik

Sou foto sa a, ki sòti nan Cubadebate, ansyen prezidan kiben Fidel Castro (ki gen 88 tan) ak prezidan Federasyon Etidyan Inivèsitè Kiben yo, Randy Perdomo, ap gade yon jounal pandan yon rankont nan La Avàn.

Nan Kiba, jounal ofisyèl pati kominis la, Granma, pibliye premye foto ansyen prezidan Fidel Castro ki parèt nan laprès depi mwa Out 2014, nan moman anpil rimè tap sikile pou di sante li ta va ap deteryore. Moun ka wè foto sa yo nan mimewo jounal la ki parèt lendi 2 fevriye 2015 la; yo montre Fidel Castro, ki gen 88 tan, lakay li, nan vil La Avàn, kap pale ak yon etidyan. Daprè Granma, yo te pran foto sa yo nan mwa Janvye 2015 la.

Yon teyolojyen brezilyen ki te rankontre Misye Castro mwa pase a, di li te twouve ansyen prezidan kiben an megri, men li te gen tout bon sans li sou li e li an bòn sante. “Líder Máximo a” te renmèt pouvwa a bay ti frè Raul Castro an 2006 akoz pwoblèm sante. Depi lè sa a, li pa tèlman parèt an piblik. Sa pa gen lontan, Fidel Castro li bay pozisyon n sou rapwochman diplomatik kap fèt ant Lèzetazini avèk Kiba.

XS
SM
MD
LG