Accessibility links

Breaking News

Vant Rekò Jounal Charlie Hebdo 8 Jou aprè Atak 7 Janvye 2015 la


Paus Fransiskus terjatuh saat tiba untuk mengunjungi tempat suci Katolik 'Jasna Gora' di kota Czestochowa, Polandia.
Paus Fransiskus terjatuh saat tiba untuk mengunjungi tempat suci Katolik 'Jasna Gora' di kota Czestochowa, Polandia.

Nan peyi Lafrans, 3 milyon kopi jounal satirik Charlie Hebdo pibliye mèkredi 14 janvye 2015 la, fin vann nan kèk minit sèlman. Nimewo sa a parèt yon semèn jou pou jou aprè atak mèkredi 7 janvye pase a kote 3 militan islamik te touye plizyè manm pèsonèl jounal la, san bliye redaktè an chèf la, Stéphane Charbonnier

Nimewo sa a genyen sou kouvèti li yon potrè Pwofèt Mawomè -swa fondatè relijyon mizilman yo, Lislam- ki kenbe nan men li yon pannkat ki di : « Je suis Charlie » sa vle di « Mwen se Charlie » ; epi gran-tit ki vini aprè a di : « Nou bliye tout bagay. » An jeneral responsab Charlie Ebdo yo pa pibliye plis pase 60 mil kopi.

Redaktè an chèf pwovizwa jounal la te bay yon konferans pou laprès lavèy piblikasyon nimewo espesyal sa a pou l di kopi yo plase nan kyòsk jounal yo ta pral rete an sikilasyon pandan 2 semèn; men li pat panse lektè yo ta pral kouri achte jounal la pou stock la epuize rapidman konsa. Li te anonse tou, an plis lang franse a, edisyon an-liyn yo (kidonk sa ki parèt sou entènèt la) ap disponib tou nan diferan lòt lang tankou anglè, espayòl ak arab.

Yon lòt kote, toujou nan vil Pari, Prezidan François Hollande asiste, nan jounen madi 13 janvye a, yon seremoni kote gouvènman an rann 3 ajan polis fransè ki te mouri nan atak sou jounal Charlie Hebdo a, pi gwo omaj peyi a ka ofri sitwayen li yo : swa Meday Lejyon Donè a. Otorite yo bay polisye yo onè sa a yon fason postim --kidonk aprè lanmò yo.

XS
SM
MD
LG