Accessibility links

Breaking News

Frans-Atak Teworis : Koukouwouj la ap Kontinye


Yon manm fòs entèvansyon polis fransèz la pran pozisyon nan katye Corcy, nan nòdès Pari, kote otorite yo panse 2 sispèk nan atak la al kache.
Yon manm fòs entèvansyon polis fransèz la pran pozisyon nan katye Corcy, nan nòdès Pari, kote otorite yo panse 2 sispèk nan atak la al kache.

Nouvèl ki sòti Pari, kapital La Frans, fè konnen lapolis antoure yon batiman kote yo panse 2 nèg yo sispèk kòm ko-responsab yon atak ki te touye 12 moun mèkredi 7 janvye 2015 la, al pran refij. 2 nèg yo ki, daprè sa laprès rapòte, ta di lapolis yo pare pou yo mouri kòm mati- te prezante nan lokal jounal Charlie Hebdo, nan Pari, epi yo te ouvè kout-zam sou manm pèsonèl la pandan yo tap fè yon reyinyon sou pwogram yo pou jounen an. Menm nouvèl la fè konnen lapolis konfime enfòmasyon ki di fijitif yo ta kenbe kèk moun ann otaj.

Vrèmanvre, lapolis te prese ale nan vil endistriyèl Dammartin-en-Goele, sou yon distans 40 kilomèt o-nò Pari, byen bonè vandredi 9 janvye a, aprè yo te pase 2 jou nan yon koukouwouj dèyè 2 mesye yo. Elikoptè, kamyonèt lapolis, ak kamyon ponpye antoure vil la anba gwo lapli ki pa sispann tonbe. Majistra Dammartin-en-Goele la, ki pa lwen ak ayewopò Charles de Gaule, mande rezidan yo pou yo rete lakay yo.

Minis enteryè a, Bernard Cazeneuve, konfime nouvèl ki fè konnen otorite yo lanse yon operasyon pou yo mete men sou 2 nèg yo. Li pale konsa aprè yon rankont dijans ki te reyini li-menn, Prezidan Francois Hollande, Premye Minis fransè a, ak otorite lapolis yo. Plis pase 88 mil polisye ak manm fòs sekirite peyi Lafrans ap patisipe nan operasyon ki sou pye pou mete men sou 2 frè yo ki rele Said Kouachi ak Chérif Kouachi. Yon 3èm sispèk, Hamyd Mourad, te rann tèt li bay otorite yo nan jounen jedi 8 janvye a.

XS
SM
MD
LG