Accessibility links

Breaking News

Yon Sispèk anba Men Lapolis Fransèz aprè Atak Mòtèl sou Jounal Charlie Hebdo a - 2 Lòt nan Kache.


Yon dam kenbe plaka avèk yon enskripsyon ki di "Mwen se Charlie" pandan moun te rasanble nan vil Strasbourg, an Frans, pou obsève yon minit silans nan lonè viktim atak ame ki te fèt sou lokal jounal satirik Charlie Hebdo nan Pari mèkredi 7 janvye 2015 la.(Foto: 8 Janvye 2015).
Yon dam kenbe plaka avèk yon enskripsyon ki di "Mwen se Charlie" pandan moun te rasanble nan vil Strasbourg, an Frans, pou obsève yon minit silans nan lonè viktim atak ame ki te fèt sou lokal jounal satirik Charlie Hebdo nan Pari mèkredi 7 janvye 2015 la.(Foto: 8 Janvye 2015).

An Frans, gouvènman an dekrete 3 jou dèy nasyonal aprè yon atak teworis te touye 12 moun nan kapital la, Pari, nan mitan jounen mèkredi 7 janvye 2015 la. 3 nèg ame te antre nan lokal jounal satirik Charlie Hebdo, nan pati sid kapital la, epi yo ouvè kout-zam sou manm pèsonèl la. Pami viktim yo genyen redaktè an chèf la, Stéphane Charbonnier.

Youn nan nèg yo sispèk pou sa prezidan fransè a, François Hollande, konsidere kòm "yon zak teworis", rann tèt li bay otorite yo. Non misye se Mamyd Mourad; li gen 18 tan. Lapolis toujou ap chache 2 frè pou enplikasyon yo nan atak la. Yo rele Sayid Kouachi ak Cherif Kouachi. Yo tou lè 2 se moun kap viv depi kèk tan deja nan vil Pari; yo nan trantèn yo e yo abitye ann afè ak lapolis. Otorite franse yo leve alèt kont teworism nan pou mete l nan nivo ki pi wo a.

Prezidan Hollande, ki bay 2 konferans pou laprès aprè atak la, anonse desizyon pou peyi a obsève yon dèy nasyonal 3 jou, pandan li di zak teworis pap chanje volonte Lafrans pou l rete yon peyi libète par excellence.

Prezidan François Hollande di gouvènman an dekrete 3 jou dèy nasyonal. Drapo fransè a pral monte a demi-ma
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:23 0:00
Direct link

Nan Washington, Prezidan Barack Obama pat pèdi tan pou l reyaji epi ofri Lafrans apui Lèzetazini pou rechèch ki sou pye pou jwenn atakan yo. Misye Obama di Lèzetazini, menm jan ak Lafrans, pap bese ba devan zak vyolans yon ti gwoup moun itilize pou yo defann koz yo.

“Gen yon bagay mwen mwen si e sèten nou pataje ak pèp fransè a: se valè, se prensip ki ini nou yo; se yon kwayans inivèsèl nou genyen nan libète lapawòl; e nou gen konviksyon moun pa kapab elimine libète sa a akoz yon vyolans ki pa fè sans e ke nou jwenn lakay kèk grenn moun sèlman. Alòs, kowoperasyon nou ak Lafrans nan domèn sèvis sekrè a, nan domèn echanj enfòmasyon an, se yon kowoperasyon ki ekselan, e nap bay fransè yo tout kalite asistans nou kapab.”

Bò Kote pa l, Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, te pale nan lang fransè pou l ajoute mo pa l sou dispozisyon Lèzetazini pou l kanpe bò kote Lafrans nan moman trajik sa a e pou defann libète fondamantal ki rele “libète lapawòl la.”

Reyaksyon Sekretè Deta John Kerry apre atak teworis la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:16 0:00
Direct link

Biwo jounal satirik fransè a, Charlie Hebdo, te viktim yon atak ak bonm nan lane 2011 aprè li te pibliye yon bann desine ki te pase fondatè relijyon mizilman yo (Lislam), Pwofèt Mawomè, nan jwèt. Nan yon lòt atik, jounal la te pase nan betiz tou lidè Gwoup Eta Islamik la, Abu Bakar al-Baghdani. Militan gwoup sa a deja sezi yon bon pati nan peyi Siri ak Irak.

XS
SM
MD
LG