Accessibility links

Breaking News

Etazini Swete Ayiti Bòn Fèt Endepandans


Sekretè Deta John Kerry ap bay Prezidan Martelly lanmen (foto achiv 5 fevriye 2014)
Sekretè Deta John Kerry ap bay Prezidan Martelly lanmen (foto achiv 5 fevriye 2014)

Sekretè Deta ameriken John Kerry swete peyi Dayiti ak pèp ayisyen an bòn fèt endepandans nan okazyon premye janvye 2015 la ki make 211èm anivèsè deklarasyon endepandans repiblik Karayib la nan Gonayiv.
Misye Kerry raple lit ayisyen yo te mennen pou yo te reyalize e rekòlte fwi endepandans la, men li di jodi a tou se yon jou pou yo gade travay ki rete pou fèt pou yo akonpli pwomès deklarasyon endepandans la.

Ane sa a, selon sekretè Deta Kerry, se pral yon ane " butoire " pou òganizasyon eleksyon lejislativ yo. Chèf diplomasi ameriken an reyafime, "apui djanm e endefektib Lèzetazini anfavè pèp ayisyen an nan moman ayisyen yo ap batay pou yo bati yon demokrasi pi solid e pi dirab pou peyi yo."

Sekretè Deta Kerry souliyen relasyon ki makònen pèp ayisyen ak pèp ameriken an--relasyon ki chita sou yon bon jan zanmitay, nan bon moman tankou nan move move moman. Relasyon inebranlab sa yo, selon sekretè Deta Kerry, "ba nou rezon pou reyafime angajman Lèzetazini pou l yon patnè pou yon Ayiti pi stab e pi pwospè nan okazyon jou espesyal sa a."

XS
SM
MD
LG