Accessibility links

Breaking News

Yon Avyon Pasaje AirAzi Disparèt san Kite Tras


Yon paran youn nan pasaje ki te abò avyon AirAsia, vòl no. QZ8501, ap kriye nan ayewopò entènasyonal Juanda, nan vil Surabaya, Zile Java, Endonesi, pandan lap tann dènye nouvèl sou avyon ki disparèt la. (Foto: Dimanch 28 desanm 2014).
Yon paran youn nan pasaje ki te abò avyon AirAsia, vòl no. QZ8501, ap kriye nan ayewopò entènasyonal Juanda, nan vil Surabaya, Zile Java, Endonesi, pandan lap tann dènye nouvèl sou avyon ki disparèt la. (Foto: Dimanch 28 desanm 2014).

Nan peyi Endonezi, chèf Biwo Rechès ak Sekou a, Bambang Sulisto, fè konnen yon avyon djèt ki disparèt sanble ta tonbe nan fon lanmè. Pandan Misye Bambang tap pale ak laprès byen bonè lendi 29 deswanm 2014 la nan vil Dyakarta, kapital peyia, li deklare avyon an –ki se yon Air-bus 310 (propriyete konpayi Air-Azi) te gen 162 moun abò l e sanble li ta fè aksidan nan jounen dimanch 28 desanm nan, pa lwen kòt peyi Endonezi e li tonbe nan lammè tou prè zile Java. Misye Sulisto deklare:

“Lè n konsidere done yo ban nou sou pozisyon aparèy la lè l te disparèt sou rada a, mete sou kowòdone avyon an lè l te nan zòn aksidan an, ipotèz nou sè ke li deja nan fon lanmè a.”

Daprè lòt nouvèl ki soti Dyakarta, chèchè yo sanble ta deja idantifye kèk debri nan yon zòn kote anpil ekip diferan peyi, ap chache jwenn avyon an. Men, jiskaprezan okenn nan debri sa yo pa sanble ak yon pati nan aparèy la. Vis Prezidan endonezyen an, Jusuf Kalla, fè deklarasyon sa a:

« Nou verifye enfòmasyon yo ban nou yo. Sepandan, nou pa jwenn ase prèv ki ta fè n konnen se nan zòn nan avyon an tonbe. Anplasman kote nou panse avyon an tonbe a, twouve l yon ti kras plis o-nò zòn kote yo jwenn debri sa yo. An tou ka, nou verifye tout enfòmasyon e nou konpare yo ak prèv nou genyen yo. »

Tony Fernandes, prezidan-direktè-jeneral konpayi avyon an, Air-Azi, di responsab yo gen gwo kè-sote pou pasaje yo ak manm ekipaj la.

«Se devaste sa k rive a devante nou. Se yon bagay enkwayab. Men, nou poko konnen egzatteman kisa k rive. Alòs, nap tann rezilta ankèt la pou n konnen vrèman kisa k rive. Kè-sote nou kounye la a, se dabò e sitou pou fanmi pasaje yo ak fanmi manm ekipaj la. »

Pami pasaje yo te genyen 143 sitwayen endonezyen, 3 sid-koreyen ak ak yon sitwayen chak nan peyi sa yo : La Grand Bretay, Malezi ak Sengapou. 7 manm ekipaj yo se : 6 endonezyen ak yon sitwayen fransè ki te yon ko-pilòt. Sa bay yon total 162 moun ki te abo avyon Air-Azi a.

XS
SM
MD
LG