Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Reyaksyon Apre Nominasyon Evans Paul Kòm Premye Minis


Premye Minis Ayisyen Deziye a, Evans Paul (Koutwazi : HPN/Clarens Renois)
Premye Minis Ayisyen Deziye a, Evans Paul (Koutwazi : HPN/Clarens Renois)

Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly deziye ansyen majistra Pòtoprens la, Evans Paul, pou pòs Premye Minis definitif la nan plas Laurent Lamothe. Lidè ayisyen an chwazi Misye Paul sou yon lis 3 kandida. Ansyen majistra Paul te manm Komisyon Konsiltatif ki te pwopoze yon seri chanjman kòm pati yon solisyon pou kriz poltik la, tankou demisyon Premye Minis Lamothe ak ranvwa konsèy elektoral la.

Aprè 2 chanm palman an va fin ratifye chwa a, Premye Minis deziye a va gen pou l travay ak Prezidan Martelly e ak klas politik la pou fòme yon gouvènman konsansus avan li mete politik jeneral li devan depite yo ak senatè yo. Entèvansyon plizyè palmantè fè nan laprès apre nominasyon an montre Prezidan Michel Martelly pat antann li ak kèk nan pati konsène yo sou chwa Evans Paul pou dirije pwochen gouvènman an.

Bò kote pa l, ansyen Senatè Turneb Delpe, --manm Tab Konsètasyon opozisyon an ki gen ladan n Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD) e ki nan tèt yon seri manifestasyon kap fèt depi kèk semèn deja pou mande demisyon Prezidan Martelly- di nominasyon yon nouvo Premye Minis pa chanje motivasyon opozisyon an e manifestasyon yo pral kontinye. Sepandan, ansyen senatè a anonse anilasyon pwotestasoyn ki te gen pou dewoule vandredi 26 desanm nan.

Nouvèl Ayiti: vandredi 26 desanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:30 0:00
Direct link

Anfen, Depite eta New Hampshire a, Jean Leniol Jeudy, resevwa ak satisfaksyon desizyon Prezidan Martelly pran pou l nonmen yon nouvo Premye Minis. Palmantè a di li espere palman ayisyen an pap pèdi tan pou l ratifye chwa a.

XS
SM
MD
LG