Accessibility links

Breaking News

Sinefil Ameriken yo Pare pou yo Wè Yon Film ki Kritike Lidè Kore di Nò a


Katye jeneral konpayi sinema Sony Pictures, nan Tokyo, nan peyi Japon.
Katye jeneral konpayi sinema Sony Pictures, nan Tokyo, nan peyi Japon.

La Mezon Blanch di Prezidan Barack Obama byen kontan desizyon konpayi sinema Sony Pictures pran pou l pwojte yon film ki kritike lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, aprè konpayi an te anonse lap bloke distribisyon film nan. Se yon film ki pwovoke gwo pawol-anpil paske entrig la repoze, antwòt, sou yon plan pou ansasinen Misye Kim.

Tit Film nan se “The Interview” oubyen “Entèvyou a” . Semèn pase a Sony Pictures te di li anile grande première la ki te sipoze fèt nan sal sinema ameriken yo nan dat 25 desanm nan. Responsab yo te pran desizyon sa a aprè yon sous enkoni te lanse yon atak sou sit-entènèt konpayi an; sous sa a te menm lanse menas pou l di Sony Pictures tap genyen pou l sibi plis move konsekans toujou si l te pwojte film nan.

Sepandan, nan jounen madi 23 desanm 2014 la, konpayi an retounen sou desizyon an e li fè konnen “The Interview” pral pase nan dat anonse a (swa 25 desanm); men se nan yon kantite limite sal sinema sèlman. Administrasyon Obama a te fè sèman li ta pral reponn kif-kif pou atak yo te lanse sou sit-entènèt Sony Pictures la. Men otorite yo pa vle konfime ni demanti si se Lèzetazini ki te lakòz yon blackout total, pandan preske 10 zèdtan, sou tout sit-entènèt nan Kore di Nò lendi 22 desanmm nan. Pòtpawòl Depatman Deta a, Mary Harf fè deklarasyon sa a pandan yon rankont ak laprès:

« Mwen kite sa nan men Kore di Nò pou l di se sit-entènèt li yo tap opere oubyen si yo pa tap opere, e poukisa. Nou pa pral pale de kesyon sa a nan yon sans oubyen yon lòt ; nou pap reponn non plis kesyon kap mande eske Lèzetazini te reyaji e nan ki sans. E mwen ta vle mande nou fèt atansyon pou n pa panse, si m pa fè kòmantè sou dosye a, nou dwe entèprete pozisyon sa a nan yon sans oubyen yon lòt… »

Jous nan fen jounen mèkredi 24 desanm nan, Kore di Nò potko fè pyès deklarasyon sou enposiblite pou moun nan peyi a te antre sou entènèt la pandan anviwon 9 vèdtan nan fen jounen lendi a. Men otorite yo nan Pyongyang pale fò pou yo di se swa jamè, se pa yo ki te atake sit-entènèt konpayi sinema Sony Pictures.

XS
SM
MD
LG