Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti, Opozisyon an Anonse Lòt Manifestasyon Kont Prezidan Michel Martelly


Manifestan ap transpòte yon viktim entèvansyon lapolis.
Manifestan ap transpòte yon viktim entèvansyon lapolis.

Ann Ayiti, lapolis sèvi ak gaz lakrimojèn pou dispèse plizyè milye moun ki tap patisipe nan premye sou 2 jounen manifestasyon (16 ak 18 desanm 2014) opozisyon an lanse pou fòse prezidan Michel Martelly bay demisyon n. Manifestasyon sa yo ap dewoule malgre prezidan an kòmanse mete an aplikasyon rekòmandasyon komisyon konsiltatif la te fè kòm mwayen pou rezoud kriz la.

Premye Minis Laurent Lamothe te bay demisyon n nan wikenn nan, tandiske manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a pwomèt pou yo fè menmman parèyman anvan fen semèn nan. Prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), Mèt Arnel Alexis Joseph, di l ap reflechi pou konnen si wi ou non l ap demisyone dapre rekòmandasyon komisyon an.

Yon lòt objektif manifestasyon ki dewoule nan jounen madi 16 desanm nan, sete pou make 24èm anivèsè premye eleksyon ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide aprè ranvèsman rejim Duvalier a.

Nouvèl Ayiti pou Jounen Mèkredi 17 Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:59 0:00
Direct link

Prezidan Michel Martelly ap rankontre, nan jounen mèkredi 17 desanm nan, ak lidè kèk pati opozisyon an. Dapre nouvèl yo, Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD) fè konnen li pap patisipe nan rankont la.

Yon lòt kote, Direksyon Santral Polis Jidisyè a prezante bilan aktivite li pou peryòd ki soti 8 pou rive 16 desanm 2014 la. Otorite polisye yo fè konnen fòs de lòd yo te arete 4 sitwayen dominiken ki te mele nan aktivite kriminèl epi yo te rive mete men sou 103 pami prizonye ki te sove nan prizon sivil Kwadèboukè a pi bonè ane sa a.

Anfen, yon tribinal nan Miami, nan Eta Florid, jwenn ansyen majistra vil North Miami an, Lucie Tondreau (yon ayisyano-amerikèn) koupab pou 5 chèf akizasyon ki tap peze sou do l -- pami yo gen fwod nan tranzaksyon imobilye. Ansyen majistra a ap rete fèmen nan prizon jous nan dat 20 Mas 2015, dat kote yon jij pral pwononse santans li.

XS
SM
MD
LG