Nan peyi Ostrali, yon kriz otaj ap kontinye nan vil Sydney plizyè èdtan aprè li te kòmanse byen bonè nan jounen lendi 15 desanm 2014 la. Daprè kèk kalkil, ta genyen ant 10 a 25 moun anba men kidnapè yo. Sepandan, nouvèl yo fè konnen 5 nan otaj yo rive sove. Andrew Scipione, chèf polis Eta South New Wales, bay yon konferans pou laprès kote li refize konsidere ensidan an kòm yon atak teworis. Kòmandan Scipione di:
“Nan stad operasyon an ye la a, konsèy mwen resevwa, sè ke nou pa dwe kouri chache detèmine kisa ki motive aksyon sa a. Nan stad nou ye la a, nou poko an mezi pou n konnen ki kote atakan yo sòti.”
Bò kote pa l, Premye minis ostralyen an, Tony Abbott, pale pou l di otorite lapolis ak lajistis ap jere sitiyasyon an yon fason global e pwofesyonèl.