Accessibility links

Breaking News

Konsèy Konsiltatif Prezidansyèl la Rekòmande Demisyon Premye Minis la


Prezidan Martelly ap resevwa rapò a nan men kowòdonatè komisyon an, Doktè Réginald Boulos (Foto: HPN/Clarens Renois).
Prezidan Martelly ap resevwa rapò a nan men kowòdonatè komisyon an, Doktè Réginald Boulos (Foto: HPN/Clarens Renois).

Nan yon seremoni ki dewoule nan fen jounen madi 9 desanm 2014 la nan Palè Nasyonal la nan Pòtoprens, Komisyon Konsiltatif Prezidansyèl la remèt Prezidan Michel Martelly yon rapò apre 8 jou travay. Komisyon an rekòmande, antwòt, demisyon Premye Minis Laurent Lamothe, demisyon manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a ak prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa jidisyè a (CSPJ), epi fòmasyon yon lòt Konsèy Elektoral Pwovizwa.

Nouvèl Ayiti -10 Desanm 2014 - Komisyon an Remèt Prezidan Martelly Rapò li
please wait

No media source currently available

0:00 0:18:20 0:00
Direct link

Prezidan Martelly, ki pwomèt lap mete yon mesaj devan nasyon an disi vandredi 12 desanm nan kote li va anonse plan daksyon gouvènman an, rann omaj pou 11 manm komisyon an ki te travay chak jou san pran souf pou yo sèvi peyi yo nan moman difisil Ayiti ap travèse a. Sepandan, gen aktè politik ki swa rejte travay komisyon an, swa eksprime rezèv sou kèk rekòmandasyon. Jacquelin Belizaire prezante yon ranmase sou deklarasyon ki fèt nan seremoni an ak reyaksyon kèk manm klas politik la.

XS
SM
MD
LG