Accessibility links

Breaking News

Yon Tifon Fè Omwen 21 Mò nan Filipin


Timoun kap jwe sou yon pil sak manje sinistre nan yon sant nan vil Maniy kote yo pran refij apre pasaj Tifon Hagupit sou kòt peyi Filipin. Foto: 8 desanm 2014.
Timoun kap jwe sou yon pil sak manje sinistre nan yon sant nan vil Maniy kote yo pran refij apre pasaj Tifon Hagupit sou kòt peyi Filipin. Foto: 8 desanm 2014.

Lakwawouj nan Filipin fè konnen omwen 21 moun mouri depi yon gwo kokenn chenn tifon te kòmanse fape peyi a nan sware samdi 6 desanm 2014 la.

Sekretè jeneral kwawouj la, Gwendolyn Pang --ki tap abòde kesyon an lendi 8 desanm nan-- deklare 18 pou pi piti pami viktim yo pèdi lavi yo nan pati lès zile Samar kote tifon an (ki rele Hagupit) te touche tè nan fen jounen samdi a. Dènye chif sou kantite vikitim yo sòti nan kapital la, Maniy, kap pare pou l resevwa, nan jounen madi a, move tan Hagupit ki deja tounen yon tanpèt twopikal nan moman lap kontinye avanse tou dousman atravè peyi a.

Otorite yo fèmen tout lekòl; mache d la bous la sispann travay, epi anpil fonksyonè leta ak anplwaye sektè prive a resevwa konsèy pou yo rete lakay yo, tandiske ayewopò anile plizyè douzèn vòl avyon. Alexander Pama, direktè jeneral Sant Nasyonal Sekou an Ka Dezas nan Filipin, di sant la déjà kòmanse entèveni nan zòn sinistre yo:

“Pou le moman, nap mete sou pye operasyon sekou nan rejyon tifoon an afekte yo. Epi nap avanse ak plan dijans nou genyen yo. Nap kòmanse pa zòn Masbate ki te sou wout move tan an, e nap fè preparasyon pou pwovens Mindoro, Tagalog Sid ak sant metwopoliten kapital-la, Maniy.”

Nan kòmansman jounen lendi a, tifon an te febli konpare a jan l te ye samdi swa lè l te fèk touche tè a, kote li te rache tètkay, kraze bilding, koupe kouran elektrik nan pwovens ki sou kòt yo. Kaptenn mete yo fè konnen Hagupit –kap deplase kounye a ak yon vitès anviwon 10 kilomèt alè-- kapab pran 3 jou ankò pou l fin travèse tout tèritwa filipen an.

XS
SM
MD
LG