Accessibility links

Breaking News

Apèl l’ONU nan Okazyon Jounen Mondyal Lit Kont SIDA a


Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon
Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, chante lwanj pwogrè le mond antye reyalize nan lut kont maladi Sida; sepandan, li lanse avètisman pou l di: pwogrè sa-a rete frajil toujou.

Nan yon deklarasyon Misye Ban fè lendi premye desanm 2014 la nan okazyon “Jounen Entènasyonal Sida a”, li atire atansyon sou enpòtans efò lidè mondyal yo dwe fè pou yo rezoud pwoblèm eka ki genyen nan mwayen pou moun jwenn tretman, patikilyèman timoun ak jèn medam yo ki pa resevwa swen ki nesesè. Lidè là ONU an ankouraje lidè yo pou yo pran dispozisyon pou yo atenn objektif ki vize dechoukaj total Sida nan lemond vè lan 2030.

Nan le mond antye, 35 milyon moun ak viv ak VIH --swa virus ki bay maladi Sida-a. Nasyonzuni di 19 milyon nan moun sa yo pa konnen si yo enfekte, e responsab òganizasyon an sèvi ak Jounen mondyal lit kont SIDA a pou yo lanse apèl pou mande elimine eka sa a, fè tès epi mete tretman anti retwoviral a la dispozisyon popilasyon mondyal la.

XS
SM
MD
LG