Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Martelly-Lamothe la Kondane Vyolans ki Make Manifestasyon Opozisyon an


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly

Gouvènman ayisyen an kondane ensidan ki rive nan manifestasyon opozisyon an te òganize madi 18 novanm 2014 la pou mande demisyon Prezidan Michel Martelly ak liberasyon patizan opozisyon an ki nan prizon. Moun otorite yo pa idantifye blese 2 manifestan pou pipiti pandan mouvman pwotestasyon an te pran wout Petion Ville. Gouvènman an anonse li lanse yon ankèt pou idantifye epi trennen responsab yo devan lajistis.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 19 Novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:02 0:00
Direct link

Laprès te rapòte prezans Charles Saint Remy, alyas "Kiko", frè Premye Dam nan, Sophia Martelly, nan manifestasyon an. Misye Saint Remy deklare li t al patisipe nan manifestasyon an pou l te denonse sa li rele "plan makab Premye Minis Laurent Lamothe genyen pou peyi a." Daprè Kiko, prezans li nan manifestasyon an pa vle di li kont bòfre li, Prezidan Michel Martelly.

Nan vil Okay, yon gwoup jèn ki prezante tèt yo kòm patizan pouvwa a, te itilize baton pou yo kraze yon manifestasyon gwoup Opozisyon San Blòf (OSB) te òganize kont gouvènman an. Yon palmantè, ki pale ak korespondan nou Jean Hernst Eliscar, di li konsidere sektè k ap manifeste kont prezidan an kòm "yon gwoup malfektè."

Manifestasyon sa yo (nan Pòtoprens ak Okay) dewoule apre 5 pati opozisyon an te ekri Prezidan Martelly pou di li yo pa kapab patisipe nan yon rankont li te fikse pou mèkredi 19 novanm nan akoz kondisyon yo poze pou sa, pa reyini.

Anfen, nan okazyon 211èm anivèsè Batay Vètyè a, 18 novanm 2014 la, Prezidan Martelly mete yon mesaj devan pèp ayisyen an pou l mande inite pami Ayisyen yo epi repete envitasyon li lanse bay opozisyon an pou l chita ak pouvwa an plas la, nan kad efò kap fèt pou rezoud kriz politik la.

XS
SM
MD
LG