Accessibility links

Breaking News

Sispenns sou yon Rankont ant Prezidan Martelly ak Opozisyon an sou Dosye Elektoral la


5 pati nan opozisyon an ak Fanmi Lavalas ap debat kesyon pou konnen si wi ou non yo pral aksepte fè yon rankont ak Prezidan Michel Martelly mèkredi 19 novanm nan. Yon responsab opozisyon an lage dout sou vrè entansyon prezidan an lè l lanse envitasyon pou l rankontre lidè pati sa yo, nan moman opozisyon an genyen plizyè manm nan prizon. Ansyen Depite Serge Jean Louis fè konnen Prezidan Michel Martelly pa gen volonte pou l rezoud kriz politik la vrèman, puiske li vle fè konsiltasyon sèlman e non pa antre nan yon dyalòg ak opozisyon an.

Nouvèl Ayiti - Lendi 17 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:22 0:00
Direct link

Sa pa gen lontan, 5 pati politik --Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), Fusion Socio Demokrat, Kontra Pèp la, Inite, Pati Ayisyen pou Ayiti Pati-- te ekri prezidan an (Fanmi Lavalas pat siyen korespondans la) pou mande l fòme yon komisyon pou prepare rankont la anvan pou yo chita pale ak li dirèkteman.

Bò kote pa l, konseye politik prezidan Michel Martelly a, ansyen Senatè Joseph Lambert, pa mete dlo nan bouch li pou l kritike gwoup 6 pati politik opozisyon an k ap mande demisyon prezidan an olye yo chita negosye ak li. Ansyen palmantè Sidès la, ki di pap gen pyès rache manyòk, mande reprezantan pati politik sa yo genyen nan sena a pou yo vote lwa elektoral la pou eleksyon kapab dewoule nan peyi a.

XS
SM
MD
LG