Accessibility links

Breaking News

Konsiltasyon ant Prezidan Martelly ak Opozisyon an Ap Bout Avan Fen Mwa Novanm nan


Kat Jewografik Ayiti (Foto achiv)
Kat Jewografik Ayiti (Foto achiv)

Prezidan Michel Martelly rankontre plizyè gwoup nan sosyete sivil jedi 13 novanm nan moman l ap prepare pou l mete fen nan seri konsiltasyon yo disi fen novanm 2014 la. Chèf leta a rankontre reprezantan vodouyizan yo, reprezantan sendika yo, Fran Mason ak lòt sektè. Kèk manm delegasyon yo, ki te pale ak laprès, di yo mande chèf leta a pou l pran yon desizyon nan enterè majorite a sou òganizasyon eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti -vandredi 14 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:03 0:00
Direct link

Jounal Le Nouvelliste pibliye yon entèviou li fè ak reprezantan pwovizwa Pati Fanmi Lavalas, doktè Maryse Narcisse, ki di pati a pa kwè ni nan dyalòg, ni nan negosyasyon ni nan konsiltasyon prezidan Martelly ap fè yo. Pou responsab la, solisyon kriz pre-elektoral la dwe pase nan yon mobilizasyon ak respè konstitisyon an. Deklarasyon sa a fèt nan moman opozisyon an anonse yon seri manifestasyon kont pouvwa a k ap kòmanse 18 Novanm 2014 la.

Prezidan Martelly, ki di jiska prezan li satisfè ak seri konsiltasyon yo, fè konnen li pral mete yon mesaj devan pèp ayisyen an apre li finn rezime ak konseye l yo rekòmandasyon klas politik la ak sosyete sivil la fè l sou fason yo kwè kriz la kapab rezoud. Prezidan Martelly ekri gwoup 6 pati politik opozisyon an pou l rankontre yo mèkredi 19 novanm pou prepare ajanda diskisyon sou kriz la.

XS
SM
MD
LG