Accessibility links

Breaking News

Pwochen Vwayaj Prezidan Obama sou Kontinan Azyatik la


Prezidan ameriken an, Barack Obama.
Prezidan ameriken an, Barack Obama.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap kòmanse, dimanch 9 novanm 2014 la, yon toune entènasyonal kap mennen li nan peyi Lachin, Bimani ak Ostrali, kote li pral asiste 3 somè ekonomik.

Lòt objektif vwayaj sa a kap dire tout yon semèn, se amelyore relasyon ant Washington ak Peken, ankouraje yon renfòsman echanj komèsyal ant Lèzetazini ak kontinan azyatik la, epi rasire patnè Lèzetazini yo devan konpòtman agresif Lachin pa sispann afiche nan rejyon an. Anvan Misye Obama kite Washington, li pale ak laprès pou l di li vle sèvi ak deplasman sa a pou l travay sou kreyasyon job Ozetazini. Prezidan Obama deklare :

“Nou kapab travay ansanm pou n elaji ekspòtasyon nou yo epi ouvè mache tou nèf pou pwodui konpayi nou yo fabrike, dekwa pou n vann machandiz ameriken ak rès mond la. Se youn nan bagay ki pral okipe atansyon mwen pandan vwayaj mwen sou kontinan azyatik la.”

Pou sa ki konsènen Lachin, pandan Misye Obama tap resevwa prezidan chinwa a, Xi Jinping, ane pase a nan Kalifòni, 2 lidè yo te rekonèt nesesite pou yo kreye yon nouvo modèl pou relasyon ant Washington ak Peken nan moman Lèzetazini se deja yon puisans mondyal tandiske Lachin se yon puisans kap monte.

Tom Donilon se yon ansyen konseye Prezidan Barack Obama. Li atire atansyon sou gwo kokenn enpòtans somè 2 lidè yo pral fè semèn kap vini la a. Misye Donilon deklare :

“ Daprè mwen menm, se rankont bi-lateral ki pi enpòtan prezidan an ap fè pou ane sa a.”

Toune Prezidan Obama a pral pran fen nan vil Brisbane, nan peyi Ostrali, kote lidè ameriken an gen pou l patisipe nan somè G-20 an. Lap pwofite somè sa a pou l pale de wòl-lidè Lèzetazini kontinye jwe sou kontinan azyatik la.

XS
SM
MD
LG